Kantik A Kantik Yo 2 - Haitian Bible

Jenn Fi An

1Mwen se flè Woz Saron an,

flè Lis a vale yo.

Salomon

2Tankou yon flè lis pami pikan yo,

se konsa Kan 1:9cheri mwen an ye

pami tout jenn fi yo.

Jenn Fi an

3Tankou yon Kan 8:5pye pòm pami bwa nan forè,

se konsa cheri mwen an ye pami jennonm yo.

Nan lonbraj li mwen te pran gwo plezi pou m te chita;

konsa fwi li te dous nan gou m.

4Li te mennen m nan gwo sal bankè li,

e Sòm 20:5 drapo li monte sou mwen an se lanmou.

5Ban m fòs ak II Sam 6:19 gato rezen,

rafrechi m ak pòm,

akoz mwen malad ak lanmou.

6Kite men goch li rete anba tèt mwen

ak men dwat li pou l Pwov 4:8anbrase m.

7M ap Kan 3:5avèti nou, O fi a Jérusalem yo,

nan non antilòp ak bich mawon an,

pou nou pa fè lanmou m leve,

ni ouvri zye li jiskaske se plezi li.

8Koute! Men cheri mwen an!

Men l ap vini!

L ap monte Kan 2:17sou mòn yo,

epi vòltije sou kolin yo!

9Cheri mwen an tankou yon Pwov 6:5antilòp,

oswa yon jenn sèf.

Gade byen, li kanpe dèyè mi kay nou an;

l ap gade nan fenèt yo, l ap gade nan jalouzi a.

10Cheri mwen an te reponn mwen

e te di m: Kan 2:13“Leve vini cheri mwen an,

pi bèl mwen an.

11Paske gade, sezon fredi a fin pase,

lapli fin pati nèt.

12Flè yo deja parèt nan peyi a;

tan an chante a fin rive!

Vwa Jen 15:9toutrèl la ap koute deja nan peyi a.

13Fwi Mat 24:32pye fig etranje a fin mi,

e chan rezen yo bay odè pafen.

Leve vini, annou pati!”

Salomon

14O toutrèl nan Jr 48:28fant wòch mwen an,

nan kote sekrè chemen ki monte apik,

kite mwen wè figi ou, kite mwen tande vwa ou!

Paske vwa ou dous e fòm ou bèl nèt.

15 Éz 13:4 Kenbe rena yo pou nou,

ti rena k ap detwi chan rezen yo,

paske chan nou yo ap fè flè.

Jenn Fi an

16Cheri mwen an se pa m,

e mwen se pa l.

Li fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.

17 Kan 4:6 Jiskaske joune a vin fè fre

lè lonbraj yo kouri ale;

vire, cheri mwen an,

fè tankou antilòp la, oswa jenn sèf sou mòn Bether a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help