Kantik A Kantik Yo 1 - Haitian Bible

1Kantik A I Wa 4:32Kantik Yo, ki ekri pa Salomon.

Jenn Fi a

2Kite l bo m ak bo bouch li!

Paske Kan 1:4lanmou ou bon pase diven.

3Lwil pafen ou yo santi bon.

Ekl 7:1 Non ou menm se tankou lwil kap vide;

se pou sa ke tout vyèj yo renmen ou konsa.

4Rale m dèyè ou e annou kouri ansanm!

Wa a mennen m nan chanm li yo.

Lòt Yo

Kan 1:4 “Nou va rejwi nan ou e fè kè kontan;

nou va leve lanmou ou wo plis pase diven.

Jenn Fi a

Ak bon rezon, yo renmen ou konsa.”

5Mwen menm, mwen nwa; men mwen byen bèl,

O fi a Jérusalem yo, tankou tant És 60:7 Kédar yo,

tankou rido a Salomon yo.

6Pa gade mwen konsa akoz mwen nwa;

solèy la brile m konsa.

Sòm 69:8 Fis a manman m yo te byen fache avè m;

Yo te fè m gadyen chan rezen yo.

Men pwòp jaden pa m nan vin neglije.

7Pale mwen, ou menm nan

ke nanm mwen tèlman renmen;

ki kote ou fè patiraj twoupo ou a?

Ki kote ou konn fè l kouche a midi?

Paske poukisa mwen ta tankou yon moun

ki vwale figi li nan kote twoupo Kan 8:13 zanmi ou yo?

Salomon

8Si ou menm, ou pa konnen,

O Kan 5:9pi bèl pami tout fanm yo;

janbe swiv wout twoupo a,

e fè patiraj pou jenn kabrit ou yo

akote tant bèje ou yo.

9Pou mwen, cheri mwen an,

ou tankou II Kwo 1:16-17 pi bèl poulich

pami sa kap rale cha Farawon an.

10Bò figi ou byen bèl ak zanno,

kou ou ak Jen 24:53 bèl kolye.

Lòt Yo

11Nou va fè pou ou dekorasyon an lò

anbeli ak pwent an ajan tou won.

Jenn Fi a

12Pandan wa a te sou tab li,

Kan 4:14 pafen mwen te rive kote l ak bèl odè.

13Sila ke m renmen an se yon pòch pafen;

Sòm 45:8 fèy bazilik ki pase tout nwit lan antre tete mwen.

14Cheri mwen an se yon grap flè jasmen

byen plase nan chan rezen I Sam 23:29 En-Guédi yo.

Salomon

15“Tèlman ou bèl, cheri mwen an; tèlman ou bèl!

Kan 4:1 Zye ou tankou toutrèl yo.”

Jenn Fi Lan

16Gade jan ou bèl e byen agreyab, Kan 2:3-17cheri mwen an;

anverite, se zèb vèt kap fè kabann nou.

Salomon

17Pilye kay nou se I Wa 6:9-10bwa sèd

e travès yo se bwa pen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help