Eklezyas 11 - Haitian Bible

1 Det 15:10 Voye pen ou sou sifas dlo,

e apre anpil jou, ou va twouve l.

2Divize byen ou fè sèt, oswa uit menm;

paske ou pa janm konnen ki malè k ap rive sou latè.

3Si nwaj yo plen, yo vide lapli sou latè;

epi si yon bwa tonbe vè sid, oswa vè nò,

kote li tonbe a, se la l ap kouche.

4Sila ke veye van an p ap simen;

ni sila ki veye syèl la p ap rekòlte.

5Menm jan ke ou pa konnen chemen van an,

ni jan zo yo vin fòme nan vant a fanm ansent lan,

se konsa ou pa konnen zèv Bondye

ki fè tout bagay la.

6Simen semans ou Ekl 9:10nan maten an;

ni pa gaspiye tan nan aswè.

Paske ou pa janm konnen si se nan maten

oswa nan aswè semans lan ap reyisi;

ni si se pa tou de k ap bon.

7Limyè a byen bèl,

e li bon pou zye Ekl 6:5wè solèy la.

8Anverite, si yon nonm ta viv anpil ane,

kite li rejwi li nan yo tout;

men pa kite l bliye Ekl 12:1jou tenèb yo, paske yo va anpil.

Tout sa ki gen pou vini se vanite.

9Rejwi jennonm, pandan jenès ou,

e kite kè ou rete kontan

pandan ane de laj jenès ou yo.

Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou,

men konnen byen ke Bondye

va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.

10Pou sa, retire gwo doulè ak mechanste

pou l pa nan kè ou,

e fè II Kor 7:1mal rete lwen chè ou;

paske jenès ak ane jenès yo va disparèt vit.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help