Eklezyas 10 - Haitian Bible

1Mouch mouri bay

Egz 30:25 lwil pafen yon move odè;

Se konsa yon ti kras foli gen pouvwa

pou depase sajès ak respè.

2Kè a yon moun saj mennen li adwat,

men Mat 6:33kè a moun san konprann nan

mennen l agoch.

3Menm lè ensanse a mache nan lari

li manke bon tèt.

Li Pwov 13:16montre tout moun ke

se moun fou li ye.

4Si kòlè a wa a vin monte kont ou,

pa abandone pozisyon ou;

paske rete kalm ka evite gwo ofans.

5Gen yon mal mwen konn wè anba solèy la, tankou yon fot ki sòti nan sila k ap gouvène a——

6Est 3:1-5Foli plase nan anpil kote byen wo pandan rich yo chita kote ki ba.

7Mwen konn wè esklav ki Est 6:8-10monte sou cheval ak prens k ap mache atè tankou esklav.

8Sòm 7:15Sila ki fouye fè yon twou ka byen tonbe ladann, e yon sèpan ka mòde gèrye a ki kraze yon miray.

9Sila ki taye wòch yo ka blese ladann, e sila ki fann gwo bout bwa a kapab an danje.

10Si rach la pa gen tay, e li pa file pwent li; alò, li va egzije plis fòs. Avantaj a sajès se reyisi!

11Si sèpan an mòde Sòm 58:4-5avan li vin chame, nanpwen pwofi.

12Pwov 10:32Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt;

13Kòmansman diskou ensanse a se foli, e fen diskou li se plen Ekl 7:25mechanste ak betiz.

14Malgre tout sa, moun ensanse a ogmante pawòl li yo.

Pèsòn pa konnen sa ki va rive, e kilès kab di li Ekl 3:22sa ki va rive apre li.

15Zèv a moun ensanse a tèlman fatige l, ke li pa konnen kijan pou li rive nan vil la.

16Malè a ou menm, O peyi ki gen jenn ti gason kon wa;

ak prens yo k ap fè fèt granmaten.

17Beni se ou menm, O peyi ki gen yon fis byen prepare kon wa a

ak prens ki manje nan pwòp lè yo, pou bay fòs,

e non pou fè Pwov 31:4banbòch vin sou.

18Akoz Pwov 24:30-34parès ak neglijans, twati a vin pann,

e nan enpridans kay la vin koule.

19Yon gwo tab manje fèt pou yo rejwi yo,

Jij 9:13 diven pou fè kè kontan;

epi lajan se repons pou tout bagay.

20Anplis, nan chanm a kouche ou, pa Egz 22:28bay wa a madichon;

e nan chanm a kouche ou, pa bay yon moun rich madichon.

Paske yon zwazo syèl la ka pote bri a,

e sa ki gen zèl yo ka fè yo konnen bagay la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help