Pwovèb Yo 13 - Haitian Bible

1Yon Pwov 10:1fis ki saj aksepte disiplin a papa l,

men yon mokè pa koute repwòch.

2Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon;

men volonte moun infidèl se vyolans.

3Sila ki Pwov 18:21kontwole bouch li, konsève lavi li;

sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.

4Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn;

men nanm a moun dilijan an vin gra.

5Yon nonm dwat Kol 3:9rayi sa ki fo;

men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont.

6Ladwati se Pwov 11:3yon pwotèj pou sila ki san fot la;

men mechanste fè pechè a vin souye nèt.

7Genyen moun ki pretann yo rich, men yo pa gen anyen;

yon lòt pretann li Luc 12:33malere men li gen gwo richès.

8Ranson pou lavi a yon nonm rich se richès li;

men malere a pa tande menas.

9Limyè a moun dwat la se rejwisans;

men Job 18:5lanp a mechan an va etenn.

10Ògèy pa pote anyen sof ke konfli;

men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.

11Richès ki sòti nan manti koule ale;

men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.

12Lespwa jennen fè kè a malad;

men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.

13Sila ki Nonb 15:31meprize lenstriksyon va peye fwe a;

men sila ki respekte lòd yo va resevwa rekonpans li.

14Lenstriksyon a saj yo se yon Sòm 10:11fontèn dlo lavi

pou detounen pèlen lanmò a.

15 Sòm 111:10 Bon konprann pwodwi favè;

men chemen moun ki pa fidèl la di.

16Tout moun ki Pwov 12:23pridan aji ak konesans;

men yon moun san konprann parèt ak foli li.

17Yon mesaje mechan tonbe nan advèsite;

men sila ki pote pawòl ak bòn fwa a, pote gerizon

18Mizè ak wont se pou sila ki Pwov 15:5-32manke disiplin nan;

men sila ki konsidere repwòch la va onore.

19Yon dezi ki realize se dous a nanm nan,

men moun bèt pa vle kite mechanste.

20 Pwov 2:20 Sila ki mache ak moun saj va vin saj;

men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.

21Se malè ki kouri dèyè pechè yo;

men moun dwat yo va pwospere.

22Yon bon moun va Esd 9:12lese eritaj pou pitit pitit li;

men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.

23Gen Pwov 12:11anpil manje nan tè malere a;

men li fin bale nèt akoz enjistis.

24Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;

men sila ki renmen l va ba li Det 8:5 disiplin ak dilijans.

25Moun dwat la gen kont pou satisfè dezi li;

men vant Pwov 13:18 mechan an toujou gen bezwen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help