Pwovèb Yo 12 - Haitian Bible

1Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans,

men sila ki rayi korije a, se bèt.

2Yon Pwov 3:4bon moun va jwenn favè SENYÈ a;

men Bondye va kondane sila ki fè manèv mechanste a.

3Yon nonm p ap etabli ak mal la;

men rasin Pwov 10:25moun dwat la p ap sòti menm.

4Yon bon madanm se kouwòn a mari li;

men sila ki fè l wont lan se tankou Pwov 14:30 pouriti nan zo li.

5Panse a moun dwat yo jis;

men konsèy a mechan yo se desepsyon.

6Pawòl a mechan yo kouche tann pyèj pou vèse san;

men Pwov 14:3bouch moun dwat yo va delivre yo.

7Mechan yo va boulvèse e vin disparèt;

men kay a moun dwat yo va kanpe.

8Yon nonm ap twouve glwa selon entèlijans li;

men sila ak panse pèvès la va meprize.

9Meyè se sila ki enkoni a, men gen sèvitè,

pase sila ki onore pwòp tèt li e manke pen an.

10Yon nonm ladwati gen respè pou lavi a bèt li;

men konpasyon a mechan an se mechanste.

11Sila Pwov 28:19ki raboure tè li a va gen anpil pen;

men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.

12Moun mechan an vle pran piyaj a mechan yo;

men rasin ladwati yo Pwov 11:30 va donnen fwi li.

13Yon moun mechan pyeje pa transgresyon lèv li;

men moun dwat la va evite pwoblèm.

14Yon nonm va satisfè avèk sa ki bon kon fwi a pawòl li,

e zèv lamen a yon nonm va retounen kote li.

15Chemen a yon moun fou bon nan zye li;

men yon nonm saj koute konsèy.

16Lè yon moun fou vekse, ou konnen sa vit;

men sila ki saj la evite wont.

17Sila ki pale verite a pale sa ki dwat;

men yon fo temwen twonpe.

18Genyen yon moun ki pale san pridans

tankou sila k ap goumen ak nepe yo;

men lang a saj la pote gerizon.

19Lèv verite yo va etabli pou tout tan;

men Sòm 52:4-5lang ki bay manti a rete pou yon moman.

20Desepsyon se nan kè a sila k ap fè manèv mechanste yo;

men konseye lapè yo gen jwa.

21 Sòm 91:10 Nanpwen mal ki rive moun dwat yo;

men mechan yo plen ak twoub.

22 Rev 22:15 Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a;

men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.

23Yon moun Pwov 10:14pridan kache sa li konnen;

men kè moun san konprann pale jis nan foli.

24Men a dilijan yo va kòmande;

men parese a va Jen 49:15fè kòve.

25Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann;

men yon És 50:4 bon pawòl fè l leve.

26Moun ladwati a se yon gid a vwazen li;

men chemen a mechan fè yo egare.

27Yon nonm parese pa menm boukannen bèt lachas li,

men pi presye nan sa yon nonm Pwov 10:4posede se dilijans.

28 Det 30:15 Nan chemen ladwati se lavi;

e nan wout li nanpwen lanmò.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help