Sòm Yo 130 - Haitian Bible

Yon chan pou monte vè tanp lan.

1Soti nan Sòm 42:7pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.

2SENYÈ, koute vwa mwen!

Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo.

3Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo,

O SENYÈ, se kilès ki ta kab Sòm 76:7kanpe?

4Men avèk Ou menm, gen padon,

pou moun ta gen reverans Ou.

5Mwen tann SENYÈ a.

Nanm mwen ap tann e nan pawòl Li,

mwen mete espwa m.

6Nanm mwen ap tann SENYÈ a plis

pase gadyen k ap tann maten rive a.

Anverite, plis pase gadyen k ap tann maten rive a.

7O Israël, mete espwa nan SENYÈ a.

Paske kote SENYÈ a ye, gen mizerikòd.

Avèk Li, gen redanmsyon an Sòm 111:9abondans.

8Li va fè Sòm 103:3-4redanmsyon Israël de tout inikite Li yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help