Sòm Yo 129 - Haitian Bible

Yon chan pou monte vè tanp lan.

1“Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan És 47:12jenès mwen.

Kite Israël di koulye a:

2“Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen,

men yo pa janm reyisi kont mwen.

3Labourè yo te laboure chan yo sou do m.

Yo fè tranch tè yo vin pi long.”

4SENYÈ a dwat.

Kòd a mechan yo, Li te koupe yo fè bout.

5Ke tout sila ki Mi 4:11rayi Sion yo vin wont!

Ke yo retounen fè bak menm.

6Kite yo vin tankou II Wa 19:26zèb sou kay la;

zèb ki fennen avan li grandi,

7jis moun rekòlt la p ap kapab plen men l,

oubyen sila ki mare pote pake a,

pa p ka plen lestomak li.

8Ni sila ki pase yo, p ap di:

“Ke Rt 2:4benediksyon SENYÈ a rete avèk ou.

Nou beni ou nan non SENYÈ a.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help