Sòm Yo 112 - Haitian Bible

1Louwe SENYÈ a!

A la beni nonm Sòm 128:1 ki krent SENYÈ a beni!

Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.

2Desandan li yo va pwisan sou latè.

Jenerasyon ladwati a va beni.

3Anpil byen ak gwo richès rete lakay li.

Ladwati li dire pou tout tan.

4Limyè vin leve nan tenèb Job 11:17pou moun ladwati a;

Li plen gras ak mizerikòd, ak jistis.

5L ale byen pou nonm nan ki Sòm 37:21gen mizerikòd e ki prete;

Li va prezève koz li a nan jijman an.

6Paske li p ap janm ebranle.

Moun Sòm 15:5dwat la va sonje jis pou tout tan.

7Li p ap krent move nouvèl.

Kè Li fèm Sòm 56:4 ak konfyans nan SENYÈ a.

8 Eb 13:9 Kè li kanpe janm.

Li pa pè anyen, jiskaske denyè moman an lè

li gade ak kè kontan advèsè li yo.

9Li II Kor 9:9te bay ak jenewozite a pòv yo.

Ladwati li dire jis pou tout tan.

Kòn li va egzalte nan lonè.

10Mechan an va wè l e l ap vekse nèt.

Li va Sòm 35:16manje dan l e vin fonn pou l disparèt.

Dezi a mechan an va peri.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help