Sòm Yo 111 - Haitian Bible

1Louwe SENYÈ a!

Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m,

Sòm 89:7 Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a.

2 Sòm 92:5 Gran se zèv a SENYÈ yo!

Yo etidye pa tout moun ki pran plezi nan yo.

3Ranpli ak bèlte avèk majeste se zèv Li yo.

Ladwati Li dire jis pou tout tan.

4Li te fè mèvèy Li yo pou nou sonje nèt.

SENYÈ a Sòm 86:5-17ranpli ak gras avèk mizerikòd.

5Li te Mat 6:31-33bay manje a sila ki gen lakrent Li yo.

Li va sonje akò Li a jis pou tout tan.

6Li te fè pèp Li wè pouvwa a a zèv Li yo,

lè L te bay yo nasyon yo kòn eritaj.

7Zèv men Li yo se Rev 13:3verite avèk jistis.

Tout prensip Li yo vrè.

8Yo va Sòm 119:160andire jis pou tout tan.

Yo fèt nan verite avèk ladwati.

9Li te voye Luc 1:69delivrans a pèp Li a.

Li te òdone akò Li a jis pou tout tan.

Sen e mèvèye, se non Li.

10 Job 28:28 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès.

Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann.

Lwanj Li dire jis pou tout tan!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help