Sòm Yo 86 - Haitian Bible

Yon priyè a David

1Prete m zòrèy Ou, O SENYÈ e reponn mwen.

Paske mwen Sòm 40:17 aflije e malere.

2 Sòm 25:20 Konsève nanm mwen, paske mwen se yon nonm fidèl.

Ou menm, Bondye mwen an,

sove sèvitè Ou ki mete konfyans nan Ou a.

3Montre m gras Ou, O SENYÈ, paske

se Sòm 25:5 a Ou menm mwen kriye tout lajounen.

4Fè nanm a sèvitè Ou a kontan,

paske a Ou menm, SENYÈ, mwen leve nanm mwen.

5Paske Ou menm, Senyè a,

Ou plen bonte e Ou Sòm 130:4prèt pou padone,

ranpli avèk lanmou dous, pou tout sila

ki rele sou non Ou yo.

6 Sòm 55:1 Prete zòrèy Ou, O SENYÈ, a lapriyè mwen.

Prete atansyon a vwa siplikasyon mwen yo.

7Nan jou twoub mwen an, mwen va rele Ou,

paske Sòm 17:6 Ou va reponn mwen.

8Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè,

ni nanpwen zèv Det 3:24 tankou pa Ou yo.

9 Sòm 22:27 Tout nasyon ke Ou te fè yo, va vini pou

adore devan Ou, O Senyè,

e yo va bay non Ou glwa.

10Paske Ou gran e Egz 15:11fè zèv ki mèvèye.

Se Ou sèl ki Bondye.

11Montre m chemen Ou an, O SENYÈ.

Mwen va mache nan verite Ou.

Jr 32:39 Fè kè m dispoze pou krent non Ou.

12Mwen va Sòm 111:1 ba Ou remèsiman,

O SENYÈ, Bondye mwen an, avèk tout kè m.

Mwen va bay glwa a non Ou jis pou tout tan.

13Paske lanmou dous Ou anvè mwen gran,

e Ou te Sòm 30:3 delivre nanm mwen soti nan fon sejou lanmò yo.

14O Bondye, mesye awogan yo te Sòm 54:3 leve kont mwen,

yon bann mesye vyolan ap chache lavi mwen.

Yo pa mete Ou devan yo.

15Men Ou menm, O SENYÈ,

Ou se yon Bondye ki Sòm 86:5 plen ak gras avèk mizerikòd,

lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.

16Vire vè mwen e fè m gras.

O Sòm 68:35 dispoze fòs Ou a sèvitè Ou a,

e fè sekou a fis a sèvant Ou a.

17Montre m yon sign bonte Ou,

pou sila ki rayi mwen yo kapab wè l e vin wont.

Paske Ou menm, O SENYÈ, Sòm 78:69 te fè m sekou, e te konsole mwen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help