1O SENYÈ, Ou te montre favè Ou a peyi Ou a.
Ou te Egz 1:11 restore kaptivite a Jacob la.
2Ou te Nonb 14:19 padone inikite a pèp Ou a.
Ou te kouvri tout peche yo.
3Ou te retire tout gran kòlè Ou.
Ou te Egz 32:12 detounen kòlè Ou ki brile a.
4Restore nou, O Bondye a sali nou an,
e Dan 9:16 fè endiyasyon Ou anvè nou, sispann.
5Èske Sòm 74:1 Ou va fache avèk nou jis pou tout tan?
Èske Ou va pwolonje kòlè Ou jis a tout jenerasyon yo?
6Èske se pa Ou menm ki pou fè nou Sòm 71:20 reprann ankò?
Pou pèp Ou a kapab rejwi nan Ou?
7Montre nou lanmou dous Ou a, O SENYÈ.
Sòm 106:4 Pèmèt nou resevwa sali Ou a.
8Mwen va tande sa ke Bondye, SENYÈ a, va di.
Paske La p Sòm 29:11 pale lapè a pèp Li a, a fidèl Li yo,
men pa kite yo retounen nan foli yo.
9Anverite, sekou Li toupre a sila ki gen lakrent Li yo,
pou laglwa Li kapab rete nan peyi nou an.
10Lanmou dous avèk verite te vin jwenn ansanm.
Sòm 72:3 Ladwati avèk lapè te vin bo youn lòt.
11Verite És 45:8 vòltije sòti nan latè, e
Ladwati veye depi anwo nan syèl la.
12Anverite, SENYÈ a va bay sa ki bon,
e Lev 26:4 peyi nou an va bay rekòlt li.
13Ladwati va mache devan L.
L ap prepare yon gran chemen pou mak pla pye Li yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.