Sòm Yo 74 - Haitian Bible

Yon Sòm Asaph

1O Bondye, poukisa Ou te rejte nou pou tout tan?

Poukisa kòlè Ou

yo kraze ak rach avèk mato.

7Yo fin II Wa 25:9 brile sanktiyè Ou a jis rive atè.

Yo te souye abitasyon ki fèt nan non Ou an.

8Yo te Sòm 83:4 pale nan kè yo: “Annou kraze yo nèt.”

Yo te brile tout kote asanble Bondye nan tout peyi a.

9Nou paz ankò wè mèvèy yo.

I Sam 3:1 Nanpwen pwofèt ankò.

Ni pa genyen pami nou ki konnen konbyen de tan sa va dire.

10Konbyen de tan, O Bondye,

advèsè a va moke nou ak mo brile?

Èske se pou tout tan lènmi an va Lev 24:16giyonnen non Ou konsa?

11Poukisa Ou retire men Ou?

Sitou men dwat Ou?

Fè l parèt sòti anndan lestonmak Ou pou Sòm 59:13detwi yo!

12Men Bondye se Sòm 44:4 Wa mwen depi nan tan ansyen yo.

Li te fè zèv delivrans nan mitan latè.

13Ou te divize lanmè a ak fòs kouraj Ou.

Ou te kraze tèt Sòm 148:7gwo bèt lanmè yo.

14Ou te kraze tèt Job 41:1 Levyatan an.

Ou te bay li kon manje pou bèt sovaj.

15Ou te fè pete sous ki koule dlo fre.

Ou te seche gwo rivyè pwisan yo.

16Jou yo se pou Ou, anplis, nwit yo se pou Ou.

Ou te Jen 1:14-18 prepare limyè a avèk solèy la.

17Ou te etabli tout lizyè latè yo.

Ou te fè Det 32:8 sezon ete ak sezon livè.

18Sonje bagay sa a, O SENYÈ,

ke lènmi yo te meprize Ou,

e Det 32:6 yon pèp ki plen ak foli te refize non Ou.

19Pa livre nanm a toutrèl Ou a bèt sovaj yo.

Pa bliye lavi aflije Ou yo pou tout tan.

20Konsidere akò Ou, paske

Sòm 88:6 kote fènwa yo nan tout latè a,

plen ak abitasyon vyolans yo.

21Pa kite Sòm 103:6 oprime yo retounen nan gwo wont.

Kite aflije yo ak malere yo louwe Non Ou.

22Leve, O Bondye! Plede koz Ou!

Sonje jan Sòm 14:1 lòm plen foli meprize Ou tout lajounen.

23Pa bliye vwa advèsè Ou yo.

Sòm 65:7 Gwo zen a sila ki leve kont Ou yo monte tout tan, san rete.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help