Sòm Yo 73 - Haitian Bible

LIV 3Yon Sòm Asaph

1Anverite, Bondye bon a Israël,

a sila avèk kè ki Sòm 24:4 san tach yo!

2Men pou mwen, Sòm 94:18 pye m te prèt pou glise tonbe,

Pa m yo te prèt pou chape.

3Paske mwen te gen anvi awogan yo,

lè m te wè jan Job 21:7mechan yo te byen reyisi.

4Paske nan lanmò yo, nanpwen soufrans e kò yo byen gra.

5Yo pa nan pwoblèm tankou lòt moun,

ni yo pa toumante tankou limanite.

6Pou sa, yo pote ògèy tankou yon bèl Jen 41:42 kolye.

Abiman vyolans kouvri kon yon bèl rad.

7Zye yo anfle nan mitan Job 15:27 grès yo.

Imajinasyon a kè yo dechennen nèt.

8Yo Sòm 1:1 giyonnen moun.

Ak mechanste, yo pale afè oprime lòt moun.

Yo pale konsi se anwo sa soti.

9Nan bouch Rev 13:6 yo rive nan syèl la,

pandan lang yo fè gwo pwomnad sou tout latè.

10Akoz sa a, pèp pa yo retounen kote yo,

e yo kontinye bwè Sòm 23:5 gran sous yo nèt.

11Yo di: “Kòman Bondye konnen?

Eske gen konesans kote Pi Wo a?”

12Gade byen, sila yo se mechan yo ye.

Konsi, toujou Jr 49:31 alèz, yo te agrandi richès yo.

13Anverite, Job 21:15 se an ven mwen te kenbe kè m san tach,

ak lave men m nan inosans.

14Paske mwen te twouble tout lajounen

e te resevwa Job 33:9 chatiman chak maten.

15Si mwen te di: “Mwen va pale konsa,”

gade byen, mwen ta trayi Sòm 14:5 jenerasyon pitit Ou yo.

16Lè m te Ekl 8:17 reflechi pou konprann sa, zye m pa t wè klè menm.

17Men jis lè m te antre nan sanktiyè Bondye a,

mwen te vin konprann jan yo ta Sòm 37:38 fini.

18Anverite, Ou te mete yo kote ki Sòm 35:6 glise anpil.

Ou te jete yo ba jiskaske yo fini nèt.

19Men kijan yo va Nonb 16:21 detwi nan yon enstan!

Y ap bale nèt ale avèk gran perèz kap rive sibitman!

20Tankou yon rèv lè moun leve, O SENYÈ,

lè Ou leve, Ou va I Sam 2:30 meprize pwòp fòm yo.

Ou va rayi rèv de lespri yo.

21Lè kè m te vin anmè,

e kè m te Trav 2:37 pike anndan m,

22alò, mwen te vin ensansib e san bon konprann.

Mwen te tankou yon Job 18:3bèt devan Ou.

23Sepandan, Sòm 16:8 mwen avè W tout tan.

Ou te kenbe men dwat mwen.

24Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen,

e apre, Jen 5:24resevwa mwen nan laglwa.

25 Sòm 16:2 Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou?

Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.

26 Sòm 38:10 Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,

men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.

27Paske gade byen, sila ki lwen yo va Sòm 37:20 peri.

Ou te detwi tout sila ki pa t fidèl a Ou menm yo.

28Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen.

Mwen te fè Senyè a, BONDYE a, Sòm 14:6refij mwen,

Pou m kab pale tout zèv Ou yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help