Sòm Yo 64 - Haitian Bible

Pou direktè koral la. Yon Sòm David.

1Tande vwa m, O Bondye nan plent mwen an.

Sòm 140:1 Konsève lavi m kont laperèz lènmi an.

2Pwoteje m kont konsèy sekrè a malfektè yo,

kont boulvèsman a Sòm 59:2sila ki fè mechanste yo.

3Ki te file lang yo tankou nepe.

Yo te pwente flèch pawòl anmè yo,

4pou tire an kachèt sou sila ki inosan yo.

Sibitman yo tire sou li, san lakrent.

5Yo kenbe fèm a pwòp desen mechan yo.

Yo pale sou Sòm 140:5 pyèj ke y ap fòme an sekrè yo.

Yo di: “Se kilès ki kab wè yo?”

6Yo fè manèv pou enjistis e di:

“Nou prè pou yon konplo byen fòme”.

Paske panse lenteryè a moun se byen fon.

7Men Sòm 7:12-13 Bondye va tire sou yo avèk yon flèch.

Sibitman, yo va blese.

8Konsa, yo va Sòm 9:3 chape tonbe.

Pwòp lang pa yo va kont yo.

Tout moun ki wè yo va souke tèt yo.

9Nan moman sa a, tout moun va krent.

Konsa, yo va Jr 51:10 deklare zèv Bondye yo.

Ak sajès yo va konsidere sa Li te fè a.

10Nonm ladwati a va Job 22:19 kontan nan SENYÈ a!

Yo va pran refij nan Li,

epi tout moun dwat yo va fè kè kontan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help