Sòm Yo 63 - Haitian Bible

Yon Sòm David, lè l te nan dezè Juda a.

1O Bondye, Ou se Bondye mwen.

Mwen va chache Ou ak tout kè m.

Nanm mwen Sòm 42:2 swaf pou Ou.

Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.

2Konsa, mwen Sòm 27:4 te wè Ou nan sanktiyè a,

ak pouvwa Ou, ak laglwa Ou.

3Akoz Sòm 69:16 lanmou dous Ou pi bon pase lavi,

lèv mwen va louwe Ou.

4Pou sa, mwen va beni Ou Sòm 104:33 tout tan ke m viv.

Mwen va leve men m nan non Ou.

5Nanm mwen Sòm 36:8 satisfè konsi avèk ma zo ak grès,

e bouch mwen ap ofri lwanj

avèk lèv ranpli de jwa.

6Lè m sonje Ou sou kabann mwen,

mwen medite sou Ou nan Sòm 16:7 vèy de nwi la.

7Paske Ou te konn sekou mwen.

Nan Sòm 17:8 lonbraj a zèl Ou, mwen chante ak jwa.

8Nanm mwen Nonb 32:12 kole ak Ou.

Men dwat Ou fè m kenbe.

9Men sila ki chache lavi mwen pou detwi li yo,

va desann Sòm 55:15 jis nan fon latè.

10Yo va Jr 18:21 livre a pouvwa nepe.

Yo va tounen manje pou rena mawon.

11Men Wa a va rejwi nan Bondye.

Tout moun ki sèmante pa Li menm yo, va twouve glwa.

Paske bouch a sila ki bay manti yo, va fèmen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help