1Koute kri mwen, O Bondye.
Prete atansyon a lapriyè mwen.
2Soti nan dènye pwent latè,
mwen rele Ou lè kè m fèb;
Mennen mwen sou wòch
ki pi wo pase m nan.
3Paske Ou te yon refij pou mwen,
yon fò ki wo,
yon gran fòs kont lènmi yo.
4Kite mwen
5Paske Ou te koute ve mwen yo, O Bondye.
Ou te ban mwen eritaj a sila ki Det 28:58 gen krent non Ou yo.
6Ou va fè lavi a wa a byen long.
Ane li yo va tankou anpil jenerasyon.
7Li va abite devan SENYÈ a jis pou tout tan.
Senyè, bay li Sòm 40:11lanmou dous avèk verite pou li kapab andire.
8Konsa, mwen va chante lwanj Ou jis pou tout tan.
Konsa, m kapab peye ve mwen yo jou apre jou.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.