Sòm Yo 51 - Haitian Bible

Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba.

1Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a.

Selon grandè a mizerikòd ou,

Sòm 51:9 efase transgresyon mwen yo.

2Lave m nèt de inikite mwen yo e

netwaye m de peche mwen an.

3Paske mwen konnen transgresyon mwen yo.

Peche mwen yo devan m tout tan.

4Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche,

e te fè mal devan zye Ou.

Akoz sa, Wo 3:4Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.

5Gade byen, mwen te fèt nan inikite,

e se nan peche manman m te vin ansent mwen.

6Men vwala, Ou vle verite a menm nan pati anndan m nèt.

Nan pati kache anndan m, Ou va Pwov 2:6fè m konnen sajès.

7Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp.

Lave mwen e mwen va És 1:18pi blan ke lanèj.

8Fè m tande lajwa avèk kè kontan,

pou Sòm 35:10zo ke Ou te kase yo, vin rejwi.

9 Jr 16:17 Kache figi Ou de peche m yo.

Efase tout inikite mwen yo.

10Kreye nan mwen yon kè pwòp, O SENYÈ,

epi refè yon lespri ki Sòm 78:37dwat anndan m.

11Pa jete mwen lwen prezans Ou e

pa retire És 63:10-11Lespri Sen Ou an sou mwen.

12Restore nan mwen lajwa sali Ou a.

Ranfòse m avèk yon lespri bòn volonte.

13Konsa, mwen va enstwi transgresè yo chemen Ou yo,

e Sòm 22:27pechè yo va konvèti a Ou menm.

14Delivre mwen de II Sam 12:9koupabilite san vèse a,

O Bondye, Bondye a sali mwen an.

Konsa, lang mwen va chante avèk jwa

selon ladwati a Ou menm nan.

15O Mèt mwen an, Egz 4:15ouvri lèv mwen

pou m kab deklare lwanj Ou.

16Paske Ou I Sam 15:22pa pran plezi nan sakrifis.

Otreman, mwen ta bay li.

Ofrann brile yo pa fè Ou kontan.

17Sakrifis a Bondye yo se yon Sòm 34:18espri ki kraze.

Yon kè brize e ki repantan, O Bondye,

Ou p ap meprize l.

18Avèk Sòm 69:35bonte Ou, fè byen pou Sion.

Bati miray a Jérusalem yo.

19Konsa, Ou va rejwi nan Sòm 4:5sakrifis ladwati yo,

nan ofrann brile avèk ofrann brile nèt yo.

Konsa, jenn towo yo va ofri sou lotèl Ou a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help