Sòm Yo 50 - Haitian Bible

Yon Sòm Asaph

1Sila Ki Pwisan Nèt la, Bondye, SENYÈ a, fin pale.

Li rele lemonn lan soti nan

7“Koute O pèp Mwen an e Mwen va pale.

O Israël, Mwen va fè temwayaj kont ou.

Mwen se Bondye, Egz 20:2Bondye pa ou a.

8Mwen pa Sòm 40:6repwoche ou pou sakrifis ou yo.

Ofrann brile nou yo devan m tout tan.

9Mwen pa bezwen okenn Sòm 69:31jenn towo sòti lakay ou,

Ni mal kabrit ki sòti nan pak ou yo.

10Paske Sòm 104:24tout bèt nan forè yo se pou mwen,

ak tout bèt domestik sou mil kolin yo.

11Mwen konnen tout Mat 6:26zwazo nan mòn yo.

Tout sa ki fè mouvman nan chan yo se pou Mwen.

12Si mwen te grangou, mwen pa t ap di ou sa,

paske tout Egz 19:5mond lan se pou Mwen, avèk tout sa ki ladann.

13Èske m ta manje chè Sòm 50:9towo yo,

oswa bwè san a mal kabrit yo?

14Ofri a Bondye Sòm 27:6yon sakrifis remèsiman

e peye ve ou yo a Pi Wo a.

15Rele Mwen nan jou twoub la.

Mwen va Sòm 81:7delivre ou e ou va onore M.”

16Men a mechan yo Bondye di:

“Ki dwa ou genyen pou pale sou règleman Mwen yo,

pou pran És 29:13akò Mwen an nan bouch ou?

17Paske ou Pwov 5:12rayi disiplin, e jete pawòl Mwen yo dèyè w.

18Lè ou wè yon vòlè, ou vin dakò avè l,

epi ou asosye ou avèk moun adiltè yo.

19Ou lage bouch ou nèt nan mechanste.

Sòm 36:3 Lang ou fè ankadreman pou manti.

20Ou chita Job 19:18pale kont frè ou.

Ou fè kout lang fò kont pwòp pitit manman ou.

21Bagay sa yo, ou te fè yo,

e Mwen pa t di yon mo.

Ou te konprann ke M te menm jan ak ou.

Mwen va Sòm 90:8repwoche ou

e pale ka a an lòd devan zye ou.

22Alò, konsidere sa, nou menm ki Job 8:13bliye Bondye,

oswa, Mwen va chire nou an mòso,

e p ap gen pèsòn ki pou sove nou.

23Sila ki ofri yon sakrifis remèsiman onore M,

epi a sila ki fè chemen li dwat la,

Mwen va montre li sali Bondye a.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help