Sòm Yo 17 - Haitian Bible

Yon Priyè a David

1Koute yon koz ki jis, O SENYÈ e okipe kri mwen.

Prete zòrèy a lapriyè mwen,

ki pa sòti nan És 29:13lèv k ap twonpe moun.

2Kite Sòm 103:6pawòl mwen parèt akoz prezans Ou;

Kite zye Ou gade avèk jistis.

3Ou te teste kè m.

Ou te vizite mwen pandan lannwit.

Ou te I Pi 1:7sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen.

Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.

4Alò, pou zèv a lòm yo, Sòm 119:9selon pawòl a lèv Ou yo,

Mwen te evite chemen a vyolan yo.

5 Job 23:11 Pye mwen yo te kenbe fèm nan chemen pa W la.

Pye mwen pat janm glise.

6Mwen Sòm 86:7te rele Ou, paske Ou va reponn mwen, O Bondye.

Enkline zòrèy W bò kote m.

Tande pawòl mwen yo.

7Kon mèvèy Ou yo, montre m lanmou dous Ou a,

O Sovè a sila ki kache nan men dwat Ou yo, kont sila ki leve kont yo.

8Kenbe m tankou Det 32:10de zye nan tèt Ou.

Kache mwen anba lonbraj a zèl Ou,

9kont mechan ki depouye m yo,

Sòm 31:20 lènmi mòtèl mwen yo ki antoure m.

10Yo fin fèmen kè rèd yo.

Job 15:27 Avèk bouch yo, yo pale awogans.

11Koulye a, yo fin Sòm 88:17antoure nou pandan n ap mache.

Yo fikse zye yo sou nou pou jete nou atè.

12Se tankou yon lyon ki anvi devore,

tankou yon jenn lyon k ap Sòm 10:9 kache

nan fènwa.

13Leve, O SENYÈ, konfwonte li e bese li;

Delivre nanm mwen de mechan yo avèk Sòm 22:20 nepe Ou,

14Depi nan men mesye yo avèk men Ou, O SENYÈ,

depi nan men lòm de mond sa yo,

Sòm 73:3-7 k ap resevwa pòsyon pa yo nan vi sa a.

Men Ou menm plen vant a sila Ou renmen yo.

Fis ou yo gen kont,

e yo mete an rezèv pou pitit pa yo.

15Pou mwen menm, mwen va Sòm 11:7wè figi Ou nan ladwati a;

mwen va satisfè avèk vizaj Ou

lè m ouvri zye m.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help