1Pwoteje m O Bondye, paske Sòm 7:1mwen kache nan Ou.
2Mwen te di a SENYÈ, Ou se Senyè mwen.
Mwen pa gen anyen ki bon sof ke Ou menm.
3Selon sen sou latè yo, se moun manyifik yo ye;
sou yo menm mwen pran tout plezi m yo.
4Doulè a sila ki te fè donn a yon lòt dye va vin ogmante;
Mwen p ap vin vide ofrann bwason san pa yo,
ni non yo Egz 23:13 p ap sòti sou lèv mwen.
5SENYÈ a se Sòm 73:26pòsyon eritaj mwen ak tas mwen;
Se Ou menm ki bay soutyen a pati pa m nan.
6 Sòm 78:55 Lizyè yo vin tonbe nan kote ki tèlman bèl pou mwen.
Anverite, eritaj mwen bèl pou mwen.
7Mwen va beni SENYÈ a ki te ban m konsèy la.
Anverite, Sòm 77:6panse mwen toujou vin enstwi mwen pandan lannwit.
8 Sòm 16:8-11 Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.
Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.
9Pou sa, Sòm 4:7kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans.
Anplis, chè m va toujou pwoteje.
10Paske Ou p ap abandone nanm mwen
nan sejou mò yo;
ni Ou p ap Trav 13:35pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.
11Ou va fè m rekonèt Sòm 139:24chemen lavi a.
Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.
Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.