Sòm Yo 12 - Haitian Bible

Pou direktè koral la; sou yon gita uit kòdYon sòm David.

1Sekou, SENYÈ, paske És 57:1moun ladwati yo sispann egziste,

Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo.

2Yo pale sa ki fo a youn lòt.

Wo 16:18 Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.

3Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo,

ak lang ki Dan 7:8pale gwo bagay yo;

4ki Sòm 73:8-9te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi.

Lèv nou se pou nou.

Se kilès ki kab mèt sou nou?”

5“Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo,

koulye a, És 33:10Mwen va leve”, pale SENYÈ a;

“Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”

6Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach;

tankou ajan ki Pwov 30:5teste nan founo,

rafine nan tè sèt fwa.

7Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo.

Ou va Sòm 37:28prezève yo soti nan

jenerasyon sila a jis pou tout tan.

8Mechan yo pwomennen toupatou tout kote

lè És 32:5 bagay ki lèd vin leve wo

pami fis a lòm yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help