Sòm Yo 11 - Haitian Bible

Pou direktè koral la; yon sòm David

1Se nan SENYÈ a ke m Sòm 2:12kache.

Kijan ou kapab di a nanm mwen:

“Sove ale kon yon zwazo nan mòn ou;

2Paske, gade byen, mechan yo koube banza,

Yo Sòm 64:3 fè flèch yo parèt sou kòd la,

pou tire nan fènwa sou sila ak kè ki dwat yo.

3Si Sòm 82:5fondasyon yo vin detwi,

se kisa moun dwat yo kab fè?”

4SENYÈ a nan sen tanp Li an.

Rev 4:2 SENYÈ a sou twon Li nan syèl la.

Zye Li veye.

Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.

5SENYÈ a Jen 22:1sonde sila ki jis yo avèk sila ki mechan yo;

men sila ki renmen vyolans, Li rayi nan kè L.

6Sou mechan yo, Li va Sòm 18:13-14voye chabon cho tankou lapli;

dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo.

7Paske Bondye dwat.

Li renmen ladwati.

Sila ki kanpe dwat yo va Sòm 16:11wè figi Li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help