Job 35 - Haitian Bible

1Konsa, Élihu te kontinye. Li te di:

2“Èske ou sipoze ke Job 27:2ou ge dwa sa a?

Èske ou ap di ‘Ladwati pa m nan depase sa k nan Bondye a?’

3Paske ou mande: ‘Ki avantaj sa ye pou ou?

Ki Job 9:30-31pwofi m ap jwenn ki plis pase si m te fè peche?’

4Mwen va reponn ou,

menm ak zanmi ou yo tou.

5 Jen 15:5 Gade nan syèl yo pou wè;

epi gade byen nan nwaj yo.

Yo pi wo pase ou.

6Si ou te peche, Pwov 8:36kisa ou akonpli kont Li?

Epi si transgresyon ou yo anpil, kisa ou fè Li?

7Si ou jis, Luc 17:10kisa ou ba Li, oswa kisa Li ta jwenn nan men ou?

8Mechanste ou ka donmaje yon nonm tankou ou menm,

e ladwati ou gen benefis pou yon fis a lòm.

9“Akoz Egz 2:23fòs kantite opresyon yo, yo kriye fò.

Yo kriye pou sekou akoz bra a pwisan an.

10Men Job 21:14pèsòn pa di: ‘Kote Bondye, Kreyatè mwen an,

ki bay chan kè kontan yo pandan nwit lan,

11ki Sòm 94:12enstwi nou plis pase bèt latè yo,

pou fè nou vin pi saj pase zwazo nan syèl yo?’

12La, yo Pwov 1:28kriye fò, men nanpwen repons

akoz ògèy moun mechan yo.

13Anverite, Jr 11:11Bondye p ap koute yon kri ki vid,

ni Toupwisan an p ap okipe l.

14Konbyen anmwens, lè ou di ou pa wè Li.

Job 31:35 Ka a pase devan L, e fòk se Li ou tann!

15Men koulye a, akoz Li pa t fè vizit nan kòlè Li,

ni Li pa t apresye awogans,

16pou sa, Job ouvri bouch li an ven;

li ogmante pawòl li yo Job 34:35san konesans.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help