Job 34 - Haitian Bible

1Alò, Élihu te kontinye. Li te di:

2“Koute pawòl mwen yo, sila ki saj pami nou.

Koute mwen, nou menm ki gen konesans.

3Paske Job 12:11zòrèy la fè prèv pawòl yo,

jan bouch la goute manje a.

4Kite nou chwazi pou nou menm sa ki dwat;

kite nou konnen pami nou menm sa ki bon.

5Paske Job te di: ‘Mwen dwat, men

Job 27:2 Bondye te rache dwa mwen an;

6èske mwen ta dwe manti selon dwa m?

Job 6:4 Blese m se san gerizon, san ke m pa fè transgresyon.’

7Se kilès ki tankou Job,

k ap Job 15:16bwè giyonnen moun tankou se dlo,

8ki ale Job 22:15kenbe konpanyen ak sila ki fè inikite yo,

e mache avèk moun malveyan yo?

9Paske li te di: Job 21:5‘Sa pa fè okenn avantaj pou moun

lè l pran plezi li nan Bondye.’

10“Pou sa, koute mwen, nou menm ki gen bon konprann.

Fòk se lwen pou Bondye ta Job 8:3fè mechanste,

e pou Toupwisan an fè mal.

11Paske Li rekonpanse lòm selon II Kor 5:10zèv li yo,

e fè li jwenn selon chemen li.

12Anverite, Job 34:10Bondye p ap aji avèk mechanste,

ni Toupwisan an p ap fè jistis vin konwonpi.

13Se kilès ki te Job 38:4bay Li otorite sou latè?

Epi se kilès ki te poze responsabilite tout mond lan sou Li?

14Si Li ta pran desizyon pou Li fè; si Li ta Sòm 104:29ranmase tout a Li menm

pwòp lespri Li a, menm ak souf Li a,

15Tout Jen 7:21chè ta peri ansanm,

e lòm ta Job 10:9 retounen nan pousyè.

16“Men si gen moun bon konprann, koute sa a;

koute vwa pawòl mwen yo.

17Èske menm II Sam 23:3yon moun ki rayi jistis ta dwe renye?

Èske ou va kondane Sila ki dwat e pwisan an,

18ka p di a yon wa: ‘Sanzave’,

a prens yo: ‘Nou mechan’;

19Ki p ap montre I Pi 1:17patipri a prens yo,

ni rich yo kon pi enpòtan ke pòv,

paske tout moun se zèv a men Li ke yo ye.

20Nan yon moman, yo mouri;

epi Egz 12:29nan mitan lannwit, yon pèp vin etone.

Pwisan yo disparèt.

Yo retire san yon men leve.

21“Paske Pwov 15:3zye Li sou chemen a yon nonm.

Li wè tout pa li fè.

22Nanpwen Sòm 139:11-12fènwa, ni lonbraj fonse

kote malfektè inikite yo kab kache kò yo.

23Paske Li pa Job 11:11bezwen obsève yon nonm anpil

pou li ta dwe pase an jijman devan Bondye.

24Li kraze Job 12:19moun pwisan an an mòso, jan nou pa menm konprann,

e mete lòt moun nan plas yo.

25Se konsa, Li Job 34:11konnen zèv yo.

Li boulvèse yo nan lannwit, e yo kraze nèt.

26Li Sòm 9:5frape yo tankou mechan

nan yon kote pou tout moun wè,

27Akoz yo I Sam 15:11vire akote nan swiv Li, e pat okipe chemen Li yo;

28akoz yo te fè Job 35:9kri a malere a rive kote Li.

Li te tande kri a aflije yo.

29Lè L rete an silans, se kilès ki kab kondane L?

Epi lè L kache figi Li, alò, se kilès ki kab wè L?

Li pli wo ke nasyon, ni lòm,

30pou Job 5:15 anpeche moun ki san Bondye yo vin

reye, ke pa vin gen yon pèlen pou pèp yo.

31“Paske èske nenpòt kon di Bondye,

‘Mwen koupab, mwen p ap fè ofans ankò;

32enstwi mwen sa ke m pa wè.

Si mwen te Job 33:27fè inikite, mwen p ap fè l ankò’?

33Èske Li va Job 41:11rekonpanse ak plan pa ou a, pou ou ka refize li?

Paske se ou menm ki oblije chwazi; se pa mwen.

Pou sa a, deklare sa ke ou konnen.

34Moun ak bon konprann va di mwen,

oswa yon nonm saj ki tande m va di:

35‘Job Job 35:16pale san konesans;

pawòl li yo san sajès.

36Mwen ta pito yo fè pwosè kont Job,

jis rive nan tout limit li,

akoz li reponn Job 22:15tankou moun mechan yo.

37Paske li ogmante Job 23:2rebelyon sou tout lòt peche l yo.

Li bat men li pami nou,

e ogmante pawòl li yo kont Bondye.’”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help