Job 27 - Haitian Bible

1Alò, Job te kontinye Job 13:12diskou li. Li te di:

2Kon Bondye viv la, ki te retire dwa m,

ToupwisanJob 9:18ki te fè m gen nanm anmè a,

3paske tan lavi toujou nan mwen.

Job 32:8 Souf Bondye la nan nen m.

4Lèv mwen, anverite, p ap pale sa ki pa dwat,

ni Job 6:28lang mwen pa p pale manti.

5Fòk se lwen m pou m ta bay ou rezon.

Jiskaske m mouri, Job 6:29mwen p ap lage entegrite m.

6Mwen Job 2:3kenbe fèm a ladwati mwen.

Mwen p ap lage l menm.

Kè m pa repwoche m depi gen lavi ladan m.

7“Kite lènmi m kapab tankou mechan a.

Kite sila ki leve kont mwen, san jistis.

8Paske ki Job 8:13espwa sila ki san Bondye a genyen

lè l koupe retire nèt,

lè Bondye fè l oblije bay lavi li?

9Èske Bondye va tande kri li lè Pwov 1:27malè rive li?

10Èske li va Sòm 37:4pran plezi nan Toupwisan an?

Èske li va rele non Bondye a nan tout tan sa yo?

11Mwen va enstwi ou nan pwisans Bondye.

Pwojè Toupwisan an, mwen p ap kache l.

12Gade byen, nou tout gen tan wè sa.

Ebyen, poukisa nou aji nan foli?

13“Sa se pòsyon a moun mechan an ki va sòti Bondye,

ak eritaj ke Job 15:20 mechan yo va resevwa nan men Toupwisan an.

14Malgre fis li yo anpil, yo destine pou nepe.

Konsa, Job 20:10desandan li yo ap toujou manke pen.

15Sila ki swiv li yo va antere nan lamò

e Sòm 78:64vèv li yo p ap kriye pou li.

16Malgre li fè gwo pil ajan an vin tankou se tè

e prepare vètman anpil tankou ajil,

17li kab prepare l, Job 20:18-21men se moun ladwati yo k ap mete li,

se inosan yo k ap divize ajan an.

18Li te bati Job 8:15kay li tankou papiyon,

oswa tankou kay poto gadyen te fè.

19Li kouche byen rich, men li pa janm vin genyen ankò;

li ouvri zye li, men Job 7:8-10li pa la.

20 Job 15:21 Gwo laperèz yo rive pran l tankou yon flèv.

Yon move tan vole retire l pandan lannwit.

21Van lès la pote l ale e li pati.

Li fè l vire tounen Job 7:10 kite plas li.

22Paske l ap plonje sou li san epanye,

pandan li eseye Job 11:20 envite l chape nan men l.

23Pèp la va bat men yo sou li.

Yo va Job 18:18sifle sou li kon koulèv,

pou li kite plas li a.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help