1Epi Job te reponn:
2Kèl kalite èd ou ye pou fèb yo!
Kèl sekou ou te bay a bra ki te Sòm 71:9san fòs la!
3Kèl konsèy ou te bay a sila ki san sajès la!
Kèl kalite bèl eklèsisman ou te bay an abondans!
4Se a kilès ou t ap eksprime pawòl sa yo menm?
Epi se lespri a kilès ki te enspire ou menm?
5 Job 3:13 Lespri mò yo tranble anba dlo yo
avèk tout sila ki rete ladann yo.
6Sejou Lanmò An se toutouni devan Bondye.
Job 28:22 Labim nan pa gen kouvèti.
7Li Job 9:8lonje rale zetwal nò a sou espas vid.
Li fè mond lan pandye san anyen pap kenbe l.
8Li Job 37:11vlope dlo yo nan nwaj Li yo,
e nwaj la pa pete anba fòs yo.
9Li fè Job 22:14kache figi gwo lalin nan
e gaye nwaj Li sou li.
10Li te trase yon lizyè sou sifas dlo yo,
ak pou Job 38:19-24limit tenèb la ak limyè a.
11Pilye syèl yo tanmen tranble,
e yo etone lè L repwòche yo.
12Ak pwisans Li, li kalme lanmè a,
e ak bon konprann Li, li te brize És 51:15Rahab.
13Ak souf Li, li dekore Job 9:8syèl yo.
Se men L ki te frennen sèpan ki t ap sove ale a.
14Gade byen, sa se yon ti kras bagay de tout chemen L yo.
Epi a la ti kras souf pawòl nou konn tande de Li!
Men tonnè pwisans Li an!
Se kilès ki kab konprann li?
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.