Job 20 - Haitian Bible

1Epi Tsophar, Naamatit lan, te reponn:

2“Akoz sa a, tout refleksyon k ap boulvèse m yo, fè m fè repons,

menm akoz tout anndan m tèlman ajite.

3Mwen tande Job 19:3repwòch ki fè m wont.

Konsa, lespri bon konprann mwen fè m reponn.

4Èske ou pa konnen bagay sa a depi nan Job 8:8tan ansyen an,

depi lòm te mete sou latè,

5Ke Sòm 37:35-36viktwa a mechan yo kout,

e Job 8:13jwa a enkwayan an se pou yon moman?

6Malgre wotè li ta És 14:13-14rive nan syèl la,

pou tèt li ta touche nwaj yo,

7l ap Job 4:20peri nèt tankou fatra.

Sila ki te konn wè li yo va di: ‘Kibò li ye?’

8Li vole ale tankou yon Sòm 73:20rèv, e yo pa kab jwenn li.

Menm tankou yon rèv lannwit, li fin Job 27:21-23chase ale.

9 Job 7:8 Zye ki te wè l la pa wè l ankò,

e plas li a pa gade li ankò.

10 Job 5:4 Fis li yo fè byen pou malere yo,

e men yo Job 27:16-17remèt byen li yo.

11 Job 21:23-24 Zo li yo plen ak fòs jenès li,

men li kouche ansanm avè l nan pousyè a.

12“Sepandan, Job 15:16mechanste dous nan bouch li

e li kache li anba lang li,

13Li pito mal la, e refize lage l,

men kenbe li Nonb 11:18-23nan bouch li,

14men manje nan vant li vire.

Li tounen pwazon vipè anndan l.

15Li te vale richès,

men Job 20:10-21vomi fè yo retounen vin parèt.

Bondye va fè yo sòti nan vant li.

16Li souse Det 32:24-33pwazon koulèv yo;

lang a vipè a kap touye li.

17Li pa gade Det 32:13-14 dlo yo ankò,

ni rivyè ki koule yo ak siwo ak bòl lèt yo.

18Li Job 20:10-15 remèt sa ke li te pran an.

Li pa kab vale l.

Afè richès a komès li yo,

li pa kab menm rejwi de yo.

19Paske li te Job 24:2-4 oprime e abandone malere yo.

Li te sezi yon kay ke li pa t bati.

20“Akoz li pa t kab kalme kè l,

li pat kab Ekl 5:13-14 kenbe anyen nan sa li renmen.

21Anyen pat rete ke li pat devore;

akoz sa a, Job 15:29 byen li yo pat dire.

22Ranpli ak tout bagay li, li va jennen;

Job 5:5 men a tout moun ki soufri yo va vini kont li.

23Lè li Job 20:13 plen vant li, Bondye va voye kòlè fewòs pa Li sou li.

Lapli va tonbe sou li pandan l ap manje.

24Li kapab És 24:18 sove ale devan zam fèt ak fè a,

men banza fèt an bwonz lan va tire frennen l.

25L ap rale sòti parèt dèyè do li,

menm pwent glise a soti nan fyèl li.

Job 18:11-14 Gwo laperèz va parèt sou li.

26Fènwa nèt rezève kon trezò li,

e Job 15:30 flanm dife san van an va devore li.

Li va manje tout sa ki rete nan tant li an.

27 Det 31:28 Syèl yo va revele inikite li

e tè a va leve kont li.

28 Det 28:31 Riches lakay li va pati,

posesyon li yo va ale Job 20:15nan jou kòlè Li a.

29Sa se Job 27:13 pòsyon a moun mechan

k ap sòti nan men Bondye,

sa se eritaj ke Bondye òdone pou bay li.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help