Job 19 - Haitian Bible

1Epi Job te reponn:

2Pou konbyen de tan, nou va toumante m,

e kraze mwen avèk pawòl yo?

3Dis fwa sa yo nou te ensilte m;

nou pa menm wont fè m tò.

4Menm si m fè erè, erè sa repoze anndan m.

5Si anverite nou vin Sòm 35:26ògeye kont mwen,

e fè m wè prèv a gwo wont mwen,

6alò, konnen byen ke Job 16:11Bondye te fè m tò,

e te fèmen Lam 1:13pèlen Li an antoure mwen.

7“Gade byen, Job 30:20-24mwen kriye: ‘Vyolans!’ Men nanpwen repons.

Mwen rele sekou! Men nanpwen jistis.

8Li te Job 3:23bare chemen mwen pou m pa kab pase,

e Li te mete fènwa sou pa m yo.

9Li te retire lonè sou mwen e

te retire kouwòn nan sou tèt mwen.

10Li Job 12:14kraze desann mwen tout kote e mwen fin disparèt;

Li te dechouke espwa m kon yon pyebwa.

11Anplis, Li te Job 16:9limen lakòlè Li kont mwen

e te Job 13:24 konsidere m kon lènmi Li.

12Lame Li a vin rasanble pou

Job 30:12 bati chemen pa yo kont mwen.

Yo fè kan kap antoure tant mwen an.

13“Li te retire frè m yo byen lwen mwen

e sila mwen te konnen yo vin separe de mwen nèt.

14Fanmi mwen yo vin fè fayit

e pi pwòch Job 19:19zami m yo te bliye m.

15Sila ki rete lakay mwen yo ak sèvant mwen yo

konsidere m kon yon etranje.

Mwen se yon etranje menm nan zye yo.

16Mwen rele sèvitè mwen an, men li pa reponn;

mwen oblije sipliye l ak bouch mwen.

17Menm souf mwen fè bay ofans a madanm mwen,

e mwen vin abominab a pwòp frè m.

18Timoun yo meprize mwen.

Mwen leve e yo pale kont mwen.

19Tout Sòm 38:11asosye m yo etone ak krent devan m.

Sila ke m byen renmen yo te vire kont mwen.

20 Sòm 102:5 Zo m yo kole sou po m ak chè m;

se sèl pa po dan m ke m chape lanmò.

21“Gen pitye pou mwen, gen pitye,

O nou menm ki zanmi mwen yo,

paske Job 1:11men Bondye vin frape mwen.

22Poukisa n ap Job 13:24-25pèsekite mwen menm tankou Bondye

e pa satisfè ak chè mwen.

23O ke pawòl mwen yo te ekri!

O ke yo te És 30:8enskri nan yon liv!

24Ke avèk pwent plim ak plon,

yo te grave sou wòch la jis pou tout tan!

25Men pou mwen, mwen konnen ke És 43:14Redanmtè mwen an vivan.

Epi apre tout sa a, li va vin kanpe sou latè.

26Menm lè po m fin detwi,

malgre chè m fin sòti,

mwen va I Kor 13:12wè Bondye nan chè a;

27ke mwen, mwen menm va wè,

ke zye m va wè, e se pa kon yon etranje.

“Kè m Sòm 73:26vin fèb anndan m.

28Si nou di: ‘Men kijan nou va pèsekite li!’

pwiska rasin ka sa a se nan mwen,’

29fè lakrent Job 15:22nepe a pou kont nou,

paske lakòlè Bondye mennen pinisyon nepe a.

Fòk nou kab konnen, gen jijman.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help