II Kwonik Yo 13 - Haitian Bible

1 I Wa 15:1-2 Nan di-zuityèm ane Wa Jéroboam nan, Abijah te devni wa sou Juda.

2Li te renye pandan twazan Jérusalem. Non manman l te Micaja, fi a Uriel la nan Guibea. I Wa 15:7Alò, te gen lagè antre Abija avèk Jéroboam.

3Abija te ouvri batay la avèk yon lame gèrye vanyan, kat-san-mil mesye byen chwazi, pandan Jéroboam t ap fè fòmasyon batay la kont li avèk ui-san-mil mesye byen chwazi, gèrye vanyan.

4Abija te kanpe sou Mòn Jos 18:22Tsemaraïm ki nan peyi ti mòn Éphraïm yo, e li te di: “Koute mwen, O Jéroboam avèk tout Israël:

5Èske ou pa konnen ke II Sam 7:12-16SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay pouvwa sou Israël jis pou tout tan a David avèk fis li yo pa Lev 2:13yon sèl akò?

6Men I Wa 11:26Jéroboam, fis a Nebath la, sèvitè a Salomon an, fis a David la, te leve e te fè rebèl kont mèt li a.

7Yon bann sanzave te rasanble vè li menm, vagabon yo, yon eprèv ki te twò fò pou Roboam, fis a Salomon an, lè II Kwo 12:13li te trè jèn, timid e li pa t ka kenbe plas pa l kont yo.

8“Epi koulye a, ou gen entansyon fè rezistans kont wayòm SENYÈ a pa fis a David yo. Se yon gran foul nou ye, e nou gen avèk nou I Wa 12:28jenn bèf an lò ke Jéroboam te fè kòm dye pou nou.

9II Kwo 11:14-15Èske nou pa t chase mete deyò prèt SENYÈ yo, fis a Aaron yo avèk Levit yo, e te fè pou kont nou prèt tankou pèp lòt peyi yo? Nenpòt moun ki vini konsakre li menm avèk yon jenn towo ak sèt belye, menm li menm kapab devni yon prèt a sila ki pa dye yo.

10“Men pou nou, SENYÈ a se Bondye pa nou an e nou pa t abandone Li. Fis Aaron yo ap fè sèvis a SENYÈ a kòm prèt e se Levit yo ki fè travay a yo menm.

11Chak maten e chak swa, Egz 29:38yo brile bay SENYÈ a ofrann brile avèk lansan santi bon, pen konsakre ki sou tab pwòp, e chandelye a avèk lanp li yo pou limen chak swa; paske nou kenbe chaj a SENYÈ a, Bondye nou an, men ou te abandone Li.

12Koulye a, veye byen, Bondye avèk nou sou tèt nou, e Nonb 10:8-9prèt Li yo avèk twonpèt siyal pou sonnen alam kont nou. O fis Israël yo, pa goumen kont SENYÈ a zansèt nou yo, paske nou p ap reyisi.”

13Men Jéroboam Jos 8:4-9te fè yon anbiskad pou vini pa dèyè, pou Israël ta devan Juda e anbiskad la pa dèyè yo.

14Lè Juda te vire, alò yo te atake ni devan ni dèyè; pou sa, II Kwo 14:11yo te kriye a SENYÈ a e prèt yo te soufle twonpèt yo.

15Konsa mesye Juda te fè leve kri lagè a, e nan moman sa a, Bondye te II Kwo 14:12boulvèse Jéroboam avèk tout Israël devan Abija avèk Juda.

16Lè fis Israël yo te fin sove ale devan Juda, II Kwo 16:8Bondye te livre yo nan men yo.

17Abija avèk pèp li a te detwi yo avèk yon gwo masak, jiskaske senk-san-mil mesye Israël te tonbe mouri.

18Konsa, fis Israël yo te soumèt nan tan sa a, e fis Juda yo te pran viktwa a II Kwo 14:11akoz yo te depan de SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a.

19Abija te kouri dèyè Jéroboam e te kaptire plizyè vil nan men li: Béthel avèk bouk pa li yo, Jeschana avèk bouk pa li yo, e Éphron avèk bouk pa li yo.

20Jéroboam pa t ankò reprann fòs li nan jou a Abija yo. SENYÈ a te frape li e I Wa 14:20li te vin mouri.

21Men Abija te vin fò. Li te pran katòz madanm pou kont li, e li te devni papa a venn-de fis ak sèz fi.

22Alò, tout lòt zèv Abija yo, avèk chemen pa li yo ekri nan memwa a II Kwo 9:29 pwofèt la, Iddo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help