II Kwonik Yo 12 - Haitian Bible

1Lè wayòm a Roboam nan te fin etabli e li te gen fòs, II Kwo 26:13-16li menm ak tout Israël avèk li te abandone lalwa SENYÈ a.

2I Wa 14:25Konsa, li te vin rive nan senkyèm ane a Roboam nan, akoz yo pa t fidèl a SENYÈ a, ke Schischak, wa Égypte la, te monte kont Jérusalem,

3avèk mil-de-san cha ak swasann-di-mil chevalye. Epi moun ki te vini avèk li soti an Égypte yo te depase kontwòl: II Kwo 16:8Libyen yo, Sikyen ak Etyopyen yo.

4Li te kaptire II Kwo 11:5-12vil fòtifye Juda yo, e li te rive jis Jérusalem.

5Epi II Kwo 11:2 Schemaeja, pwofèt la, te vin kote Roboam avèk chèf Juda ki te rasanble nan Jérusalem akoz Schischak yo, e li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Ou te abandone Mwen, e pou sa, Mwen te abandone ou bay Schischak.’”

6Pou sa, chèf Israël yo avèk wa a te imilye yo. Yo te di: Egz 9:27“SENYÈ a jis.”

7Lè SENYÈ a te wè ke yo te imilye yo, pawòl SENYÈ a te vini a Schemaeja, e te di: I Wa 21:29“Yo te imilye yo. Pou sa, Mwen p ap detwi yo, men Mwen va ba yo yon mezi delivrans, e lakòlè Mwen p ap vide sou Jérusalem pa mwayen a Schischak.

8Men yo va devni esklav li, pou yo Det 28:47-48 kab vin konprann antre sèvi Mwen ak sèvi wayòm lòt peyi yo.”

9Konsa Schischak, wa Égypte la, te monte kont Jérusalem, e li te pran tout trezò lakay SENYÈ a ak trezò nan palè wa a. Li te pran tout bagay.

10Konsa, Wa Roboam te fè boukliye defans an bwonz pou ranplase yo, e li te mete yo anba pwotèj a kòmandan gad ki te gadyen pòtay lakay wa yo.

11Depi wa a te antre lakay SENYÈ a, gad yo te pote yo vini, e apre, yo te mennen yo tounen nan chanm gad yo.

12Epi lè li te fin imilye li, lakòlè SENYÈ a te vire kite li, pou l pa ta detwi nèt; epi anplis, II Kwo 19:3tout bagay te mache byen an Juda.

13 I Wa 14:21 Konsa, Wa Roboam te ranfòse tèt li Jérusalem, e li te renye. Alò, Roboam te gen laj karanteyen ane lè li te kòmanse renye, e li te renye di-sèt-ane Jérusalem, vil ke SENYÈ a te chwazi soti nan tout tribi Israël yo pou mete non Li an. Epi non manman li te Naama, Amoreyèn nan.

14Li te fè mal, II Kwo 19:3paske li pa t aplike kè l pou konnen SENYÈ a.

15 I Wa 14:29 Alò, zèv a Roboam yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, èske yo pa ekri nan rekò a Schemaeja yo, pwofèt a II Kwo 9:29Iddo a, konseye a, selon anrejistreman zansèt yo? Epi te gen lagè kont Roboam avèk Jéroboam tout tan.

16Konsa, Roboam te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere nan lavil David la. Epi fis li a, II Kwo 11:20Abija te vin wa nan plas li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help