I Kwonik Yo 5 - Haitian Bible

1Alò, fis a Ruben yo, premye ne an Israël la (paske se te premye ne li te ye, men akoz Jen 35:22li te konwonpi kabann papa li, dwa nesans li te bay a fis a Joseph yo, fis Israël la; epi pou sa, li pa anwole nan istwa desandan yo selon dwa nesans lan.

2Sepandan Juda te reyisi depase frè li yo e Mi 5:2soti nan li, chèf la te parèt, malgre dwa nesans lan te pou Joseph),

3fis a Ruben yo, premye ne an Israël la: Hénoc, Pallu, Hetsron ak Carmi.

4Fis a Joël yo: Schemaeja, fis pa li a, Gog, fis pa li a; Schimeï, fis pa li a;

5Michée, fis pa li a; Reaja, fis pa li a; Baal, fis pa li a.

6Beéra, fis pa li a ke Tilgath-Pilnéser, wa Assyrie a te mennen an kaptivite: li te chèf a Ribenit yo.

7Fanmi a Beéra yo, selon fanmi pa yo, I Kwo 5:17nan istwa zansèt yo te Jeiel, chèf la ak Zechariah.

8Epi Béla, fis a Azaz la, fis a Schéma a, fis a Joël la. Béla te rete Aroër e teritwa yo te jiska Neb ak Baal-Meon;

9nan lès, li te rete jis rive nan antre dezè a soti nan rivyè Euphrate la, Jos 22:8-9akoz bèt pa yo te tèlman ogmante nan peyi Galaad la.

10Nan jou a Saül yo, I Kwo 5:18-21yo te fè lagè avèk Agarenyen ki te tonbe pa men yo, jiskaske yo te vin rete nan tant pa yo toupatou nan tout teritwa lès a Galaad la.

11Alò, fis a Gad yo te rete anfas yo nan peyi Jos 13:11Basan an jis rive Salca.

12Joël te chèf e Schapham te dezyèm nan ak Jaenaï avèk Schaphath nan Basan.

13Fanmi pa yo selon lakay papa yo: Micaël, Meschullam, Schéba, Joraï, Zia ak Éber, sèt antou.

14Sila yo se te fis a Abichaïl yo, fis a Huri a, fis a Jaroach la, fis a Galaad la, fis a Micaël la, fis a Jeschischaï a, fis a Jachdo a, fis a Buz la;

15Achi, fis a Abdiel la, fis a Guni a, tèt lakay papa yo.

16Yo te rete Galaad nan Basan, nan vil pa li yo ak nan tout teren patiraj yo nan És 35:2Saron jis rive nan limit lizyè pa yo.

17Tout sila yo te anwole nan chif zansèt yo nan jou a II Wa 15:5-32Jotham yo, wa Juda a ak nan jou II Wa 14:16-28Jéroboam yo, wa Israël.

18Fis a Ruben yo ak Gadit yo avèk mwatye Manassé yo, mesye a gwo kouraj yo, mesye ki te pote boukliye avèk nepe yo, te tire avèk banza e yo te fò nan batay, karant-kat-mil-sèt-san-swasant moun ki te Nonb 1:3ale nan gè a.

19Yo te fè lagè kont Agarenyen yo, Jen 25:15Jethur, Naphisch ak Nodab.

20Yo te twouve soutyen kont yo e Agarenyen yo avèk tout sila ki te avèk yo te livre nan men yo; paske II Kwo 14:11-13yo te kriye fò a Bondye nan batay la e Li te reponn lapriyè yo, akoz yo te mete konfyans yo nan Li.

21Yo te pran tout twoupo bèt yo: senkant-mil chamo, de-san-senkant-mil mouton, de-mil bourik; epi san-mil òm.

22Paske anpil moun te mouri, akoz Jos 23:10lagè a te sòti nan Bondye. Epi yo te vin rete nan plas pa yo jis rive nan lè egzil la.

23Alò, fis a mwatye tribi Manassé yo te rete nan peyi a; soti nan Bashan jis rive nan Baal-Hermon avèk Det 3:9Senir e Mòn Hermon yo te anpil.

24Sila yo se te tèt lakay zansèt yo, menm Épher, Jischeï, Éliel, Azriel, Jérémie Hodavia ak Jachrenom; mesye gwo kouraj yo, chèf lakay zansèt pa yo.

25Men yo te Det 32:15-18aji avèk trayizon kont Bondye a papa yo a e te jwe pwostitiye a nan kouri dèyè dye a pèp peyi ke Bondye te detwi devan yo a.

26Pou sa, Bondye Israël la te chofe lespri a II Wa 15:19-20Pul, wa Assyrie a, menm lespri a Tilgath-Pilnéser, wa Assyrie a e li te pote yo ale an egzil, menm Ribenit yo, Gadit yo ak mwatye tribi Manassé yo e te fè yo rive nan Chalach, nan Chabor, nan Hara ak nan flèv Gozan nan, kote yo rete menm jis rive jodi a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help