I Kwonik Yo 4 - Haitian Bible

1 I Kwo 2:3 Fis a Juda yo: Pérets, Hetsron, Carmi, Hur ak Shobal.

2Reaja, fis a Shobal la, te vin papa a Jachath; Jachath te fè Achumaï avèk Lahad. Sila yo se te fanmi a Soreatyen yo.

3Men desandan a Étham yo: Jizreel, Jischma ak Jidbach; sè yo te rele Hatselelponi.

4Penuel se te papa a Guedor e Ézer papa a Huscha. Men fis a Hur yo; premye ne a, Éphrata, papa a Bethléem.

5Aschchur, papa a Tekoa, te gen de madanm: Hélea avèk Naara.

6Naara te fè pou li Achuzzam, Hépher, Thémeni ak Ashaschthari: men fis a Naara yo.

7Fis a Hélea yo: Tséreth, Tsochar ak Ethnan.

8Kots te fè Anub avèk Hatsobéba ak fanmi a Acharchel yo, fis a Harum yo.

9Jaebets te gen plis onè pase frè li yo e manman li te rele li Jaebets epi te di: “akoz mwen te fè l avèk gwo doulè”.

10Jaebets te rele Bondye Israël la epi te di: “O ke Ou beni mwen, anverite e agrandi lizyè mwen e ke men Ou avè m, ke Ou pwoteje m de mal pou m pa ta twouble akoz li.”

Epi Bondye te bay li sa li te mande a.

11Kelub, frè a Schucha a, te fè Mechir ki te papa a Eschthon.

12Eschthon te soti lakay Rapha, Paséach ak Thechinna, papa a Nachasch. Sila yo se te moun a Réca yo.

13Alò, fis a Kenaz yo: Othniel avèk Seraja. Fis a Othniel la: Hathath.

14Meonothaï te fè Ophra. Seraja te fè Joab, papa a atizan yo; paske li menm te yon atizan.

15Fis a Caleb yo, ki te fis a Jephunné a: Iru, Éla avèk Naam e fi yo, Éla avèk Kenaz.

16Fis a Jehalléleel yo: Ziph, Zipha, Thirja ak Asareel.

17Fis a Esdras yo: Jéther, Méred, Épher ak Jalon. Madanm a Méred la te fè Miriam, Schammaï ak Jischbach, papa Eschthemoa.

18Madanm li, Juif te fè Jéred, papa a Guedor, Héber, papa a Soco, avèk Jekuthiel, papa a Zanoach.

19Fis a madanm a Hodija yo, sè a Nacham nan, se te zansèt a Kehila yo, Gamyen yo, ak Eschthemoa, Maakatyen yo.

20Fis a Simon yo: Amnon, Rinna, Ben-Hanan ak Thilon. Epi fis a Jischeï yo: Zocheth ak Ben-Zocheth.

21Fis a Schéla yo, ki te fis a Juda a: Er, papa a Léca, Laeda, papa a Maréscha, avèk fanmi lakay travayè twal nan Béth-Aschbéa yo,

22avèk Jokim, mesye a Cozéba yo, Joas ak Saraph, ki te renye Moab avèk Jaschubi-Léchem. Achiv sila yo tèlman ansyen.

23Sila yo se te moun ki te fè veso ajil ki te abite Netayaim avèk Gedera; yo te rete la avèk wa a pou fè travay li.

24Fis a Siméon yo: Nemuel, Jamin, Jarib, Zérach, Saül.

25Schallum, fis li a. Mibsam, fis li a.

26Fis a Mischma yo: Hammuel, fis li a, Zaccur, fis li a ak Schimeï, fis li a.

27Schimeï te gen sèz fis avèk sis fi. Frè li yo pa t fè anpil fis, ni fanmi pa yo pa t miltipliye kon fis a Juda yo.

28Yo te rete Beer-Schéba, nan Molada ak nan Hatsar-Schual,

29nan Bilha, nan Etsem, nan Tholad,

30nan Bethuel, nan Horma, nan Tsiklag,

31nan Beth-Marcaboth, nan Hatsar-Susim, nan Beth-Bireï ak nan Schaaraïm. Sila yo se te vil pa yo jiska règn a wa David la.

32Vilaj pa yo te Etham, Ain, Rimmon, Thoken ak Aschan, senk vil yo;

33epi tout vil pa yo ki te antoure menm vil sila yo jis rive Baal. Se te anplasman pa yo e yo genyen istwa zansèt pa yo.

34Meschobab, Jamlec, Joscha, fis a Amatsia a;

35epi Joël avèk Jéhu, fis a Joschibia a, fis a Seraia a, fis a Asiel la;

36Eljoénaï, Jaakoba, Jeschochaja, Asaja, Adiel, Jesimiel, Benaja,

37Ziza, fis a Allon an, fis a Jedaja a, fis a Schimri a, fis a Schemaeja a.

38Sila ki mansyone pa non yo se te chèf lakay fanmi pa yo; epi lakay zansèt pa yo te chèf nan fanmi pa yo e lakay fanmi pa yo te grandi anpil.

39Yo te rive jis nan antre Guedor, jis nan kote lès a vale a pou chache patiraj pou twoupo pa yo.

40Yo te jwenn pa yo ki te trè rich e trè bon, Jij 18:7-10peyi a te vas e kalm, epi te gen lapè; paske sila ki te rete la oparavan yo te desandan de Cham.

41I Kwo 4:33-38Sila yo, dechifre pa non te vini nan jou a Ézéchias yo, wa Juda a e te atake tant pa yo e avèk Mawonit ki te rete la yo, te detwi yo nèt jis rive jou sa a pou te rete nan plas pa yo, akoz te gen patiraj pou twoupo pa yo.

42Sòti nan yo, depi nan fis Siméon, senk-san mesye te monte nan Mòn Séir avèk Pelathia, Nearia, Rephaja e Uziel, fis a Jischeï a.

43I Sam 15:7-8Yo te detwi retay Amalekit ki te chape yo e te rete la jis rive jodi a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help