II Wa Yo 15 - Haitian Bible

1 II Wa 14:17 Nan venn-setyèm ane a Jéroboam, wa Israël la, Azaria, fis a Amatsia a, wa Juda a, te devni wa.

2Li te gen laj sèzan lè li te devni wa e li te renye pandan senkann-dezan Jérusalem. Non manman l se te Jecolia, moun Jérusalem.

3Azaria te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa li, Amatsia te fè.

4Sèlman II Wa 12:3wo plas yo ki pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan sou wo plas yo.

5II Kwo 26:21-23SENYÈ a te frape wa a pou l te gen yon lalèp jis rive jou ke li te mouri an. Epi li te viv nan yon kay apa pandan fis a wa a, Jotham te nan kay la, e t ap jije pèp peyi a.

6Alò, tout lòt zèv a Azaria yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa A Juda yo?

7Epi Azaria te dòmi avèk zansèt li yo. Yo te antere li avèk papa li nan vil David la, e Jotham, fis li a, te devni wa nan plas li.

8 II Wa 15:1 Nan tran-tuityèm ane Azaria, wa Juda a, Zacharie, fis a Jéroboam nan te devni wa an Israël nan Samarie pandan si mwa.

9Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou zansèt li yo te fè. Li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo.

10Epi Schallum, fis a Jabesch la, te fè konplo kont li e te Am 7:9frape li devan pèp la pou te touye li e renye nan plas li.

11Alò, tout lòt zèv a Zacharie yo, gade byen, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël Yo?

12Sa se II Wa 10:30pawòl SENYÈ a te pale a Jéhu e te di: “Fis ou yo jis rive nan katriyèm jenerasyon va chita sou twòn Israël la.” Epi se konsa sa te ye.

13Schallum, fis a Jabesch la te devni wa nan trant-nevyèm ane a Ozias, wa Juda a e li te renye yon mwa I Wa 16:24Samarie.

14Epi Menahem, fis a Gadi a te monte soti I Wa 14:17Thirtsa pou te vini Samarie, li te frape Schallum, fis a Jabesch la Samarie e li te touye li pou te devni wa nan plas li.

15Alò, tout lòt zèv a Schallum yo avèk konplo li te fè yo, men vwala, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo?

16Epi Menahem te frape Thiphsach avèk tout moun ladann avèk lizyè li yo soti Thirtsa, akoz yo pa t ouvri pou li; pou sa, li te frape li e chire II Wa 8:12tout fanm li yo ki te ansent.

17Nan II Wa 15:1-13 trant-nèf ane a Azaria yo, wa Juda a, Menahem, fis a Gadi a, te renye sou Israël pandan dizan Samarie.

18Li te fè mal nan zye SENYÈ a; li pa t kite pandan tout jou li yo peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo.

19I Kwo 5:25-26Pul, wa Assyrie a, te vini kont peyi a e Menahem te bay Pul mil talan ajan pou men li ta kapab avèk li pou ranfòse wayòm nan anba règn pa l la.

20Alò, Menahem te egzije lajan an nan men Israël, menm a tout mesye enpòtan avèk mwayen, soti nan chak moun senkant sik ajan pou peye wa Assyrie a. Konsa, wa Assyrie a te retounen e pa t rete la nan peyi a.

21Alò, tout rès zak a Menahem yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo?

22Epi Menahem te dòmi avèk zansèt li yo e Pekachia, fis li a, te devni wa nan plas li.

23Nan II Wa 15:1-17senkyèm ane a Azaria a, wa Juda a, Pekachia, fis a Menahem nan, te devni wa sou Israël nan Samarie e li te renye pandan dezan.

24Li te fè mal nan zye SENYÈ a; li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis Nebat la, avèk sila li te fè Israël peche yo.

25Alò, Pékach, fis a Remalia a, ofisye pa li a, te fè konplo kont li e te frape li Samarie nan fò kay wa a avèk Argob ak Arié; ansanm ak li, te gen senkant mesye Galaadit yo e li te touye li pou te devni wa nan plas li.

26Alò, tout lòt zèv a Pékach yo avèk tout sa li te fè yo, men gade, yo ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo.

27Nan senkann-dezyèm ane a Azaria, wa Juda a,II Kwo 28:6 Pékach, fis a Remalia a, te devni wa sou Israël nan Samarie e li te renye pandan ventan.

28Li te fè mal nan zye a SENYÈ a; li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo.

29Nan jou a Pékach yo, wa Israël la, Tiglath-Piléser, wa Assyrie a, te parèt e te kaptire Ijjon avèk Abel-Beth-Maaca e Janoach avèk Kédesch, Hatsor, Galaad avèk Galilée ak tout peyi Nephtali a; epi II Wa 17:6li te pote yo kaptif nan Assyrie.

30Epi Osée, fis Ela a, te fè yon konplo kont Pékach, fis a Remalia a, li te frape li e te mete li a lanmò pou te devni wa nan plas li, nan ventyèm ane a Jotham, fis a Ozias la.

31Alò, tout lòt zèv a Pékach yo avèk tout sa li te fè yo, gade byen, yo ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo.

32Nan dezyèm ane a Pékach la, fis a Remalia a, wa Israël la, Jotham, fis a Ozias la, wa Juda a, te devni wa.

33II Kwo 27:1Li te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa a e li te renye sèzan nan Jérusalem. Non manman li se te Jeruscha, fi a Tsadok la.

34II Wa 15:3-4Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a; li te fè selon tout sa ke papa li, Ozias te fè.

35Se sèlman II Wa 12:3wo plas yo ki pa t retire; pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan nan wo plas yo. II Kwo 23:20Li te bati pòtay pa anwo lakay SENYÈ a.

36Alò, tout lòt zèv a Jotham yo avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?

37Nan jou sa yo, II Wa 18:5SENYÈ a te kòmanse voye Retsin, wa Syrie a avèk Pékach, fis a Remalia a kont Juda.

38Epi Jotham te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David, papa zansèt li a; epi Achaz, fis li a, te devni wa nan plas li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help