II Wa Yo 14 - Haitian Bible

1 II Kwo 25:1 Nan dezyèm ane Joas la, fis a Joachaz la, wa Israël la, II Wa 13:10Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, te devni wa.

2Li te gen laj a venn-senkan lè li te devni wa, e li te renye vent-nèf ane Jérusalem. Manman li te rele Joaddan, yon moun Jérusalem.

3Amatsia te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, men pa tankou David, zansèt li a. Li te fè menm selon tout sa ke Joas, papa li te konn fè yo.

4Se sèl II Wa 12:3wo plas yo ki pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan nan wo plas yo.

5Alò, li te vin rive ke depi wayòm nan te byen solid nan men l, ke li te II Wa 12:20touye sèvitè li yo ki te touye wa a, papa li.

6Men fis a sila ki te mouri yo, li pa t mete yo a lanmò, an akò avèk sa ki ekri nan liv Lalwa Moïse la, jan SENYÈ a te kòmande a lè l te di: Det 24:16“Papa yo p ap mete a lanmò pou fis yo, ni fis yo p ap mete a lanmò pou papa yo, men chak moun va mete a lanmò pou pwòp peche pa l.”

7Li te touye di-mil moun Édom nan Vale Sèl la, epi te pran És 16:1Séla nan lagè. Li te rele li Jos 15:38Yoqthéel, e se sa li ye jis rive jodi a.

8II Kwo 25:17-24Epi Amatsia te voye mesaje yo kote Joas, fis a Joachaz la, fis a Jéhu a, wa a Israël la. Li te di: “Vini, annou parèt fasafas.”

9Joas, wa Israël la, te voye kote Amatsia, wa Juda a, e te di: Jij 9:8-15“Bwa pikan ki te Liban an te voye kote sèd ki te Liban an, e li te di: ‘Bay fi ou an maryaj a fis mwen an.’ Men te pase pa la yon bèt sovaj ki te Liban, e li te kraze bwa pikan an anba pye l.

10II Wa 14:7Anverite, ou te bat Édom e kè ou vin plen ògèy. Rete lakay ou pou fè kè kontan. Pou ki rezon ou ta pwovoke twoub la jiskaske ou menm, ou ta tonbe, e Juda ansanm avèk ou?”

11Men Amatsia te refize koute. Pou sa, wa Israël la te monte. Li menm avèk wa Juda a te parèt fasafas nan Jos 19:38Beth-Schémesch ki pou Juda a.

12Juda te bat pa Israël e II Sam 18:17yo te sove ale, yo chak nan pwòp tant pa yo.

13Epi Joas, wa Israël la, te kaptire Amatsia, wa Juda a, fis a Joas la, fis a Achazia a, nan Beth-Schémesch, li te rive Jérusalem e li te chire miray Jérusalem nan soti nan Né 8:16Pòtay Ephraïm nan jis rive nan II Kwo 25:23Pòtay Kwen an, distans a kat-san koude.

14I Wa 14:26Li te pran tout lò avèk tout ajan ak tout zouti ki te twouve lakay SENYÈ a, nan trezò lakay wa a, ansanm ak kaptif yo e li te retounen Samarie.

15 II Wa 13:12-13 Alò, tout lòt zèv ke Joas te fè yo, avèk pwisans li, ak jan li te goumen avèk Amatsia, wa Juda a, èske yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Israël yo?

16Konsa, Joas te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere Samarie avèk wa Israël yo. Jéroboam, fis li a, te devni wa nan plas li.

17 II Kwo 25:25-28 Amatsia, fis a Joas la, Wa Juda a, te viv kenzan apre lanmò Joas, fis a Joachaz la, wa Israël la.

18Alò, tout lòt zèv a Amatsia yo, èske yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa A Juda yo?

19Yo te fè konplo kont li Jérusalem e li te sove ale rive Lakis. Men yo te voye dèyè li Jos 10:31Lakis pou te touye li la.

20Epi yo te mennen kò li sou cheval yo, e li te antere Jérusalem avèk zansèt li yo nan vil David la.

21Tout pèp Juda a te pran Azaria, nan laj sèzan, e yo te fè li wa nan plas a papa li, Amatsia.

22I Wa 9:26Li te bati Élath e li te remèt li bay Juda apre wa a te dòmi avèk zansèt li yo.

23Nan kenzyèm ane règn Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la te devni wa Samarie, e li te renye pandan karanteyen ane.

24Li te fè mal nan zye SENYÈ a. Li pa t kite tout peche Jéroboam yo, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche yo.

25Li te restore lizyè Israël la soti nan antre Hamath jis rive nan Lamè Araba, selon pawòl SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pale pa sèvitè li Mat 12:39-40Jonas, fis a Amitthaï a nan Jos 19:13Gath-Hépher.

26Paske II Wa 13:4SENYÈ a te wè soufrans Israël ki te tèlman anmè; paske pa t gen ni esklav, ni lib, ni pa t gen okenn moun ki pou ede Israël.

27II Wa 13:23SENYÈ a pa t di ke li ta efase non Israël anba syèl la; men Li te delivre yo pa men Jéroboam, fis a Joas la.

28Alò, tout lòt zèv Jéroboam yo avèk tout sa ke li te fè ak pouvwa li, jan li te goumen ak jan li te reprann pou Israël I Wa 11:24Damas avèk II Kwo 8:3Hamath nan Juda, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo?

29Epi Jéroboam te dòmi avèk zansèt pa li yo, menm ak wa a Israël yo. Epi Zacharie, fis li a, te devni wa nan plas li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help