I Wa Yo 19 - Haitian Bible

1Alò, Achab te di Jizréel tout sa ke Élie te fè ak I Wa 18:40jan li te touye tout pwofèt yo avèk nepe.

2Epi Jizréel te voye yon mesaje kote Élie. Li te di: Rt 1:17“Konsa ke dye yo fè m sa e menm plis si mwen pa fè lavi ou tankou youn nan sa yo avan demen vè menm lè sa a.”

3Epi Élie te vin pè, e li te leve kouri pou sove lavi li. Li te rive nan Jen 21:31Beer-Schéba, ki pou Juda a, e li te kite sèvitè li a la.

4Men li menm te vwayaje pandan yon jou antre nan dezè a, pou l te rive chita anba yon bwa pikan. Konsa, Jr 20:14-18li te fè demann pou l ta mouri e te di: “Sa se kont! Koulye a, O SENYÈ, pran lavi mwen; paske mwen pa pi bon ke zansèt mwen yo.”

5Li te kouche dòmi anba bwa pikan an. Epi vwala, te gen Jen 28:12yon zanj ki touche li. Li te di: “Leve, manje!”

6Li te gade, e vwala, te gen bò tèt li yon gato pen wòch cho, ak yon veso dlo. Konsa, li te manje, bwè e te kouche ankò.

7Zanj Bondye a te vini ankò yon dezyèm fwa, li te touche li e te di: “Leve, manje, paske vwayaj la twò gran pou ou.”

8Konsa, li te leve. Li te manje e bwè, epi li te ale ak fòs manje sa a pandan karant jou ak karant nwit pou rive Egz 3:1Horeb, mòn Bondye a.

9Alò, li te rive la nan yon kav e li te rete ladann. Epi vwala, pawòl Bondye a te vini sou li, e Li te di li: “Kisa w ap fè isit la, Élie?”

10Li te di: Egz 20:5“Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, pwiske fis Israël yo te abandone akò Ou a, Wo 11:3-4yo te dechire lotèl Ou yo, e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete, e y ap chache lavi m pou pran l.”

11Pou sa, Li te di: Egz 19:20“Ale kanpe sou mòn nan devan SENYÈ a.”

Epi veye byen, SENYÈ a t ap pase! Yon gwo van fò t ap boulvèse mòn yo e t ap chire wòch yo an mòso devan SENYÈ a. Men SENYÈ a pa t nan van an. Epi apre van an, yon tranbleman detè, men SENYÈ a pa t nan tranbleman detè a.

12Apre van an yon dife, men SENYÈ a pa t nan dife a. Epi apre dife a, Job 4:16yon ti bwi tankou yon souf lejè.

13Lè Élie te tande l, Egz 3:6li te fin vlope figi li nan manto li a e li te ale deyò nan antre kav la. Epi vwala, yon vwa te parèt a li menm e te di: “Kisa w ap fè isit la, Élie?”

14Epi li te di: I Wa 19:10“Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, paske fis Israël yo te abandone akò Ou a, dechire lotèl Ou yo e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete; epi y ap chache lavi mwen pou pran l.”

15SENYÈ a te di li: “Ale, retounen sou chemen ou vè dezè Damas la, e lè ou fin rive, II Wa 8:8-15ou va onksyone Hazaël wa sou Syrie;

16epi II Wa 9:1-10Jéhu, fis Nimschi a, ou va onksyone wa sou Israël; epi Élisée, fis a Schaphath a nan Abel-Mehola a, ou va onksyone li kòm pwofèt nan plas ou.

17Li va vin rive ke II Wa 13:3-22sila ki chape anba nepe Hazaël la, Jéhu II Wa 9:14-37 va mete l a lanmò e sila ki chape anba nepe a Jéhu a, Élisée va mete l a lanmò.

18Wo 11:4Sepandan, Mwen va kite sèt-mil an Israël, tout jenou ki pa t bese a Baal e tout bouch ki pa t konn bo li.”

19Konsa, li te kite la e te twouve Élisée, fis a Schaphath la, pandan li t ap raboure avèk douz pè bèf devan li, li menm avèk douzyèm nan. Epi Élie te pase bò kote li e te jete II Wa 2:8-14manto li sou li.

20Li te kite bèf yo e te kouri dèyè Élie. Li te di: “Souple, Mat 8:21kite m bo papa m avèk manman m e mwen va swiv ou.” Epi li te di li:

“Ale, retounen, paske kisa ke m te fè ou?”

21Konsa, li te retounen soti swiv li, li te pran pè bèf la e li te fè sakrifis avèk yo, li te II Sam 24:22bouyi chè avèk dife fèt ak zouti bèf e li te bay a pèp la pou yo te manje. Epi li te leve, li te swiv Élie pou te sèvi li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help