I Wa Yo 18 - Haitian Bible

1Alò, li te rive Luc 4:25apre anpil jou ke pawòl SENYÈ a te vini a Élie nan twazyèm ane a. Li te di: “Ale, montre ou menm a Achab e Mwen va voye lapli sou fas tè a.”

2Konsa, Élie te ale montre li menm a Achab. Alò, gwo grangou a te byen rèd nan Samarie.

3Achab te rele Abdias I Wa 16:9ki te chèf sou lakay li. (Alò, Abdias te Né 7:2gen lakrent SENYÈ a anpil;

4paske I Wa 18:13lè Jézabel te detwi pwofèt SENYÈ yo, Abdias te pran yon santèn nan pwofèt yo, li te kache yo pa senkant nan yon kav e li te founi yo avèk pen avèk dlo.)

5Alò, Achab te di Abdias: “Pase nan peyi kote tout sous dlo yo. Petèt nou va twouve zèb pou kenbe chwal avèk milèt yo vivan e pou nou pa oblije touye nan bèt yo.”

6Pou sa, yo te divize peyi a antre yo pou yo fè rechèch li. Achab te pran yon chemen e Abdias te pran yon lòt pou kont li.

7Alò, pandan Abdias te nan wout la, vwala, Élie te rankontre li. II Wa 1:6-8Abdias te rekonèt li e te tonbe sou figi li. Li te di: “Èske se ou menm, Élie, mèt mwen an?”

8Li te di li: “Se mwen. Ale, pale a mèt ou a, ‘Men vwala, Élie isit.’”

9Li te di: “Ki peche mwen te fè ke ou ta vin mete sèvitè ou nan men Achab pou l mete m a lanmò?

10Jan SENYÈ a, Bondye ou a, viv la, nanpwen nasyon oswa wayòm kote mèt mwen pa t voye chache ou. Lè yo te di: ‘Li pa la’, li te fè wayòm nan oswa nasyon an sèmante ke yo pa t kab jwenn ou.

11Epi koulye a w ap di: ‘Ale di mèt ou “Men vwala, Élie!”’

12Li va vin rive ke lè m kite ou, Lespri SENYÈ a va pote ou kote m pa konnen. Konsa, lè m vini pale Achab, lè l pa kab jwenn ou, li va touye mwen, malgre mwen, sèvitè ou a, te gen lakrent SENYÈ a depi nan jenès mwen.

13I Wa 18:4Èske sa pa t pale a mèt mwen sa m te fè lè Jézabel te touye pwofèt SENYÈ yo, ke m te kache yon santèn nan pwofèt SENYÈ a pa senkantèn nan yon kav e mwen te founi yo avèk pen avèk dlo?

14Epi koulye a, w ap di mwen: ‘Ale pale a mèt ou: “Men Élie!” Epi se konsa l ap touye mwen.’

15Élie te di: I Wa 17:1“Jan SENYÈ dèzame yo viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite, mwen va montre mwen menm a li menm jodi a.”

16Konsa, Abdias te ale rankontre Achab e te pale li, epi Achab te ale rankontre Élie.

17Lè Achab te wè Élie, Jos 7:25Achab te di li: “Èske se ou menm, sila ki twouble Israël la?”

18Li te di: “Mwen pa t twouble Israël, men ou menm avèk lakay papa ou, akoz I Wa 9:9ou te abandone lòd SENYÈ yo pou I Wa 21:25-26ou te swiv Baal yo.

19Alò, pou sa, voye ranmase vè mwen tout Israël nan Jos 19:26Mòn Carmel avèk kat-san-senkant pwofèt Baal ak kat-san pwofèt I Wa 16:33Astarté ki manje sou tab Jézabel la.”

20Konsa, Achab te voye pami tout fis Israël yo e te mennen pwofèt yo ansanm nan Mont Carmel.

21Élie te pwoche tout pèp la e te di: Mat 6:24“Pou konbyen de tan n ap kontinye panche de bò, antre de bi? Jos 24:5Si SENYÈ a se Bondye a, swiv Li, men si se Baal, swiv li.”

Men moun yo pa t reponn menm yon mo.

22Konsa, Élie te di a pèp la: “Se mwen sèl ki rete kòm pwofèt SENYÈ a, men pwofèt a Baal yo se kat-san-senkant òm.

23Alò, kite yo bannou de bèf, e kite yo chwazi yon bèf pou yo menm, koupe li an mòso e mete li sou bwa a, men san pa mete dife; epi mwen va prepare lòt bèf la e kouche li sou bwa e mwen p ap mete dife.

24Alò, ou va rele non a dye pa nou an e mwen va rele non SENYÈ a, e I Wa 18:38Dye ki reponn pa dife a, se Li menm ki Bondye a.”

Epi tout moun yo te reponn: “Lide sa a bon.”

25Konsa, Élie te di a pwofèt a Baal yo: “Chwazi yon bèf pou nou menm e prepare li, paske nou anpil e rele non a dye pa nou an, men pa mete dife.”

26Konsa, yo te pran bèf ki te bay a yo menm nan, yo te prepare li e te rele non Baal la soti nan maten jis rive midi e yo t ap di: “O Baal, reponn nou.” Men Sòm 115:4-5pa t gen vwa e okenn moun pa t reponn. Epi yo te toutotou lotèl ke yo te fè a.

27Li te vin rive vè midi ke Élie te moke yo. Li te di: “Rele avèk vwa fò, paske li se yon dye! Oswa petèt li okipe, ke li okipe! Oswa li te vire akote, oswa li fè yon vwayaj, o petèt li dòmi e ou bezwen fè l leve.”

28Konsa, yo te kriye avèk gwo vwa. Yo te Lev 19:28koupe kò yo selon abitid pa yo avèk nepe ak frenn jis san te fè flèv sou yo.

29Lè midi te fin pase, yo te anraje Egz 29:39-41jis rive nan moman pou ofri sakrifis aswè yo, men pa t gen vwa, okenn pa t reponn, ni okenn pa t okipe yo.

30Alò, Élie te di a tout pèp la: “Vin kote mwen.” Konsa, tout pèp la te vin kote li. Konsa, li te I Wa 19:10-14repare lotèl SENYÈ a ki te dechire a.

31Élie te pran douz wòch selon non tribi a fis a Jacob yo, a sila pawòl SENYÈ a te parèt yo, e te di: Jen 32:28“Israël va non ou.”

32Konsa, avèk wòch yo, li te bati yon lotèl Jen 32:28nan non SENYÈ a e li te fè yon kanal antoure lotèl la ase laj pou kenbe de mezi semans.

33Jen 22:9Apre, li te ranje bwa a, li te koupe bèf la an mòso e li te poze li sou bwa a.

34Epi li te di: “Ranpli kat po avèk dlo e vide li sou ofrann brile yo ak sou bwa a.” Epi li te di: “Fè l yon dezyèm fwa,” epi yo te fè l yon dezyèm fwa. Epi li te di: “Fè l yon twazyèm fwa,” epi yo te fè l yon twazyèm fwa.

35Dlo a te kouri antoure lotèl la e li te plen kanal la osi.

36Nan tan ofrann sakrifis aswè a, Élie, pwofèt la, te pwoche e te di: “O SENYÈ, Bondye Abraham, Isaac avèk Israël la, jodi a, kite li byen rekonèt ke I Wa 8:43Ou se Bondye an Israël, ke mwen se sèvitè Ou, e ke Nonb 16:28-32mwen te fè tout bagay sa yo pa pawòl Ou menm.

37Reponn mwen, O SENYÈ, reponn mwen, pou pèp sa a kapab konnen ke Ou menm, O SENYÈ, se Bondye e ke Ou fè kè yo vire retounen kote Ou ankò.”

38Konsa, Lev 10:1-2dife SENYÈ a te tonbe e te konsonmen ofrann brile a avèk bwa a, avèk wòch yo ak pousyè a e te vale tout dlo ki te nan kanal la.

39Lè tout pèp la te wè sa, yo te tonbe sou figi yo, epi yo te di: I Wa 18:21-24“SENYÈ a, se Li menm Ki Bondye a! SENYÈ a, se Li menm ki Bondye a!”

40Epi Élie te di yo: “Sezi pwofèt a Baal yo! Pa kite youn nan yo chape!”

Yo te sezi yo, epi Élie te mennen yo desann nan Jij 4:7flèv Kison an e II Wa 10:24-25te touye yo la.

41Alò, Élie te di a Achab: “Ale monte, manje e bwè; paske gen gwo bwi lapli.”

42Konsa, Achab te monte pou manje e bwè. Men Élie te monte sou tèt Mòn I Wa 18:19-20Carmel; epi li te koube jenou li, apiye atè avèk figi li antre jenou li.

43Li te di a sèvitè li: “Ale monte koulye a, gade bò kote lanmè a.”

Konsa, li te monte gade, e te di: “Nanpwen anyen” epi li te di:

“Ale retounen” menm sèt fwa.”

44Li te vin rive nan setyèm fwa a ke li te di: “Vwala, yon grenn Luc 12:54nwaj piti tankou men a yon moun ap monte soti kote lanmè a.”

Epi li te di: “Ale monte, pale Achab pou di l: ‘fè cha ou a parèt e desann pou gwo lapli a pa rete ou.’”

45Nan yon ti tan, syèl la te vin fènwa avèk nwaj ak van e te gen yon lapli fò. Epi Achab te monte pou te ale kote És 8:11Jizréel.

46Alò, És 8:11men SENYÈ a te sou Élie. Li te mare senti li e te kouri pi vit ke Achab pou rive nan lantre kote Jizréel.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help