II Samuel 9 - Haitian Bible

1Konsa, David te di: “Èske genyen toujou yon moun ki te rete pou lakay Saül, I Sam 20:14-42pou m ta kab montre li favè pou koz Jonathan?”

2Alò, te genyen yon sèvitè lakay Saül ki te rele Tsiba. Konsa yo te rele li kote David, e wa a te di li:

“Èske ou se II Sam 16:1-4Tsiba?” Epi li te reponn: “Men sèvitè ou.”

3Wa a te di: “Èske pa gen moun toujou lakay Saül pou mwen ta kab montre favè Bondye?”

Epi Tsiba te di a wa a: II Sam 4:4“Genyen toujou yon fis a Jonathan ki kokobe nan tou de pye li.”

4Konsa, wa a te di li: “Se kibò li ye?” Epi Tsiba te di a wa a: “Gade byen, li II Sam 17:27-29nan kay Makir a, fis Ammiel la nan Lodebar.”

5Epi Wa David te voye mennen li soti lakay Makir, fis a Ammiel la nan Lodebar.

6II Sam 16:4Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül, te vini a David. Li te tonbe sou figi li bese atè nèt. Epi David te di: “Méphiboscheth?”

Epi li te di: “Men mwen, sèvitè ou!”

7David te di li: “Pa pè, paske anverite, mwen va montre ou ladousè pou koz papa ou, Jonathan, e mwen II Sam 12:8 va restore a ou menm tout tè a granpapa ou, Saül. Epi, konsa, ou va manje tout tan sou tab mwen.”

8Ankò, li te bese atè, e te di: “Se kisa ke sèvitè ou ye pou ou ta dwe gade II Sam 15:9 yon chen mouri tankou mwen?”

9Konsa, wa a te rele sèvitè a Saül la, Tsiba. Li te di li: II Sam 16:4 “Tout sa ki te pou Saül ak pou lakay li yo, mwen te vin bay yo a gran pitit a mèt ou a.

10Ou menm avèk fis ou yo avèk sèvitè ou yo va kiltive tè a pou li, e ou va rekòlte jis pou pitit a mèt ou a kapab genyen manje. Sepandan, Méphiboscheth, gran fis a mèt ou a, II Sam 19:28va manje tout tan sou tab mwen.”

Alò, Tsiba te gen kenz fis ak ven sèvitè.

11Epi Tsiba te di a wa a: “Selon II Sam 16:1-4tout sa ke mèt mwen, wa a, kòmande sèvitè li a, konsa sèvitè ou a va fè.” Konsa, Méphiboscheth te manje sou tab David la, tankou youn nan fis a wa yo.

12Méphiboscheth te gen yon jèn fis ki te rele Mica. Epi tout sila ki te rete lakay Tsiba yo te sèvitè a Méphiboscheth.

13Konsa, Méphiboscheth te rete Jérusalem, paske li te manje sou tab a wa a tout tan. Alò, li te kokobe nan toude pye li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help