II Samuel 8 - Haitian Bible

1 I Kwo 18 Konsa, li te vin rive ke David te bat Filisten yo e te mete yo anba lòd. David te pran kontwòl a vil prensipal la soti nan men a Filisten yo.

2Nonb 24:17Li te bat I Sam 22:3-4Moab, li te mezire kaptif yo avèk yon lign. Konsa li te fè yo kouche atè, li te mezire longè de lign pou mete yo a lanmò, ak yon lign antye pou lèse yo viv. Epi Moabit yo te devni sèvitè a David e yo te pote peye taks obligatwa.

3Alò, David te bat Hadadézer, fis a Rehob la, wa a Tsoba, pandan II Sam 10:15-19li te nan wout pou reprann kontwòl li nan Rivyè Euphrate la.

4David te kaptire soti nan men li, mil-sèt-san chevalye avèk ven-mil sòlda a pye. Jos 11:6-9Li te koupe jarèt a cheval cha yo, men li te konsève kont nan yo pou rale yon santèn cha.

5Lè I Wa 11:22-35Siryen a Damas yo te vini pou bay sekou a Hadadézer, wa a Tsoba a, David te touye venn-de-mil Siryen.

6Epi David te mete anplasman sòlda pami Siryen Damas yo. II Sam 8:2Siryen yo te vin soumèt a David e te pote taks obligatwa. Epi SENYÈ a te ede David tout kote li te ale.

7David te pran boukliye fèt an lò ki te pote pa sèvitè a Hadadézer yo e li te mennen yo Jérusalem.

8Soti nan Béthach avèk Bérothaï, vil a Hadadézer yo, Wa David te pran yon gran kantite bwonz.

9Alò lè Thoï, wa a I Wa 8:65Hamath la te tande ke David te bat tout lame a Hadadézer a.

10Konsa, Thoï te voye Joram, fis li a kote Wa David pou salye li e fè li felisitasyon akoz li te goumen kont Hadadézer e te bat li. Paske Hadadézer t ap fè lagè avèk Thoï. Epi Joram te mennen avèk li bagay fèt an ajan, an lò, e an bwonz.

11Wa David te I Wa 7:51dedye sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te dedye soti nan tout nasyon ke Li te soumèt anba li menm yo:

12Soti nan Syrie avèk II Sam 8:2Moab, fis a Ammon yo, Filisten yo avèk Amalekit yo, ak piyaj ki te soti osi nan Hadadézer, fis a Thoï a, wa a Tsoba a.

13Konsa, II Sam 7:9David te vin fè yon non byen koni pou kont li, lè li te retounen soti nan touye dizui-mil Siryen nan II Wa 14:7Vale Sèl la.

14Li te etabli anplasman militè yo nan Édom. Nan tout Édom, li te fè anplasman militè e tout Jen 27:37-40Edomit yo te devni sèvitè a David. Konsa, SENYÈ a te ede David tout kote li te ale.

15David te renye sou tout Israël. Li te administre lajistis avèk ladwati pou tout pèp li a.

16I Kwo 11:6Joab, fis Tseruja a te sou lame a e Josaphat, fis a Achilud la te II Wa 18:18-37grefye a.

17I Kwo 6:4-8Tsadok, fis a Achithub la avèk Achilémec, fis a Abithar a te prèt e Tseriah te sekretè.

18Benaja, fis a Jehojada a te chèf sou II Sam 15:18Keretyen avèk Peletyen yo; epi fis a David yo te chèf ministè leta yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help