Jenèz 20 - Haitian Bible

1Alò Abraham te vwayaje soti la Jen 18:1vè peyi Negev la. Li te vin rete antre Kàdes ak Schur, e li te pase yon tan kon etranje nan 26:1-6Guérar.

2Abraham te di selon Sarah, madanm li: “Jen 18:1Li se sè mwen”. Alò, Abimélec, wa nan Jen 26:1-2Guérar a te vin pran Sarah.

3Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, Jen 20:7ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.”

4Alò, Abimélec pa t gen tan pwoche li, epi li te reponn: “Senyè, Jen 18:23-25èske Ou va detwi yon nasyon, malgre li san fot?

5Èske Jen 20:13li menm, li pa t di mwen: ‘Li se sè mwen?’ Epi li menm, li te di: ‘Li se frè m.’ Nan entegrite kè m, ak inosans men m, mwen te fè sa.”

6Konsa, Bondye te di li nan rèv la: “Wi, Mwen konnen ke nan entegrite kè ou, ou te fè sa, e Mwen osi te anpeche ou pou ou pa t peche kont Mwen. Se pou sa Mwen I Sam 25:26-34 pa t kite ou touche li.

7Alò, pou sa, remèt madanm a nonm sa a. Paske I Sam 7:5se yon pwofèt ke li ye. Li va priye pou ou e ou va viv. Men si ou pa remèt li, konnen ke ou va anverite mouri, ou menm avèk tout moun sa yo ki pou ou yo.”

8Konsa, Abimélec te leve granmmaten. Li te rele tout sèvitè li yo, e te di tout bagay sa yo pou yo tande. Mesye sa yo te gen gwo laperèz.

9 Jen 12:11-20 Alò, Abimélec te rele Abraham. Li te di li: “Kisa ou te fè nou? Epi kijan mwen te peche kont ou ke ou te pote sou mwen ak wayòm mwen yon gran peche? Ou te fè m bagay ou pa ta janm dwe fè.”:

10Epi Abimélec te di a Abraham: “Sak rive ou ki fè ou fè bagay sa a?”

11Abraham te di: “Paske, mwen te reflechi ke asireman, pa gen Né 5:15lakrent Bondye nan plas sa a, e Jen 12:12yo va touye mwen akoz madanm mwen.

12Anplis de sa, vrèman li se sè mwen, fi a papa m, men pa fi a manman m, e li te vin madanm mwen.

13Lè li te rive ke Jen 12:1-9 Bondye te fè m vwayaje pou kite kay papa m, mwen te di li: ‘Men yon gras ke ou va fè m: tout kote nou ale, di pa mwen menm: ‘Li se frè m.’’”

14Konsa, Jen 12:16Abimélec te pran mouton avèk bèf avèk sèvitè li yo, mal ak femèl. Li te bay yo a Abraham, e li te remèt madanm li, Sarah bay li.

15Abimélec te di: “Jen 13:9Byen gade, peyi mwen an devan ou. Etabli ou kote ou pito.”

16A Sarah, li te di: “Byen gade, mwen te bay Jen 20:5frè ou mil pyès an ajan. Veye byen, li se revandikasyon ou devan zye tout moun ki avèk ou. E devan tout, ke ou egzonore.”

17 Nonb 12:13 Abraham te priye a Bondye, e Bondye te geri Abimélec avèk madanm li, avèk mennaj li yo, pou yo te vin fè pitit.

18Jen 12:17Paske SENYÈ a te fèmen vant yo a tout kay Abimélec la akoz Sarah, madanm Abraham nan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help