Jenèz 19 - Haitian Bible

1Alò,

12Konsa, de mesye yo te di Lot: “Kilès ankò ke ou gen isit la? Yon bofis, fis ou yo, e nenpòt moun ou gen nan vil la, mennen yo sòti kite plas sa a,

13paske nou prèt pou detwi plas sila a, akoz Jen 18:20plent pa yo gen tan vin tèlman gran devan SENYÈ a, ke SENYÈ a te voye nou pou detwi li.”

14Lot te ale deyò pou te pale avèk bofis li yo, ki te prèt pou marye avèk fi li yo, e li te di: “Leve Nonb 16:21-45 sòti kite plas sila a, paske SENYÈ a va detwi vil la.” Men li te sanble a bofis li a ke se yon blag ke li t ap fè.

15Lè maten an te rive, zanj yo te bourade Lot. Yo te di l: “Leve, pran madanm ou avèk de fis ou yo ki isit la, oswa ou va vin disparèt nan pinisyon vil la.”

16Men li te fè reta. Pou sa, mesye sa yo te Det 5:15sezi men l avèk men madanm li avèk men a de fi li yo, paske konpasyon SENYÈ a te sou li. Yo te mennen li deyò, e yo te mete l deyò vil la.

17Lè yo te mennen yo deyò, youn nan yo te di: “Jr 48:6Sove ale pou lavi ou! Pa gade dèyè, e pa rete nan okenn kote nan vale a. Sove ale nan Jen 14:10mòn yo, oswa ou va detwi nèt.”

18Men Lot de di yo: “Alò, li pa konsa, mèt mwen yo!

19Koulye a gade byen, sèvitè nou an gen tan twouve favè nan zye nou, nou te montre jan mizerikòd nou gran nan sove vi m, men mwen p ap kapab chape nan mòn yo, paske malè a va gen tan rive sou mwen, e mwen va mouri.

20Gade byen, vil sila a ase pre pou m sove ale ladann, e li piti. Souple, kite mwen chape pa la. Èske li pa piti? Konsa vi m kapab sove.”

21Li te di li: “Gade byen, mwen ba ou demann sa a tou, pou pa detwi vil la sou sila ou te pale a.

22Fè vit, chape rive la, paske mwen pa kapab fè anyen jiskaske ou rive la.” Pou sa yo te rele vil la Jen 13:10 Tsoar.

23Solèy la te gen tan fin leve sou tè a lè Lot te rive Tsoar.

24Epi SENYÈ a te fè souf avèk dife ki sòti nan syèl la, tonbe tankou Det 29:23lapli sou Sodome avèk Gomorrhe.

25Det 29:23Li te detwi vil sila yo, ak tout vale a, ak tout moun ki te rete nan vil yo, ansanm ak sa ki te grandi nan tè a.

26Men madanm li ki te dèyè li te Jen 19:17gade dèyè, e li te tounen yon pilye sèl.

27Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te ale nan Jen 18:22plas kote li te kanpe devan SENYÈ a,

28epi li te gade anba vè Sodome avèk Gomorrhe, vè tout teren nan vale a. Li te wè, e gade byen, Rev 9:2 lafimen te monte tankou lafimen ki sòti nan founo.

29Se konsa li rive ke lè Bondye te detwi vil yo nan vale a, ke Li te sonje Abraham. Li te II Pi 2:7 voye Lot deyò dega a, lè li te boulvèse vil yo nan sila Lot te rete.

30Lot te kite Tsoar e monte. Li te Jen 19:17-19 rete nan mòn yo avèk de fi li yo avè l, paske li te pè rete Tsoar. Li te rete nan yon kav, li menm avèk de fis li yo.

31Alò premye ne a te vin di a pi Jèn nan: “Papa nou vin vye, e nou pa gen gason sou latè pou vin Jen 16:2-4 antre nan nou apre sistèm sou tè a.

32Vini, Luc 21:34 annou fè papa nou bwè diven, e annou kouche avè l pou nou kapab prezève fanmi nou an pa papa nou.”

33Pou sa, yo te fè papa yo bwè diven menm nwit lan, e premye ne a te antre kouche avèk papa li. Li pa t konnen ni lè li te kouche a, ni lè li te leve a.

34Jou swivan an, premye ne a te di a pi Jèn nan, “Gade byen, yè swa mwen te kouche avèk papa m. Annou fè li bwè diven aswè a tou, epi ou menm antre kouche avè l, pou nou prezève fanmi nou an ak papa nou.”

35Alò, yo te fè papa yo bwè diven nan nwit lan tou, epi pi Jèn nan te leve e kouche avè l. Epi li pa t konnen ni lè li te kouche a, ni lè li te leve a.

36Konsa tou de fi a Lot yo te vin ansent pa papa yo.

37Premye ne a te fè yon fis, e li te rele non li Det 2:9Moab. Li se papa a Moabit yo jis rive jodi a.

38Epi pou pi Jèn nan, li te fè yon fis tou, e li te rele li Ben-Ammi. Li se papa a tout fis Det 2:19Ammon yo jis rive jodi a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help