1Alò, Jen 11:30 Saraï, madanm Abram nan pa t bay li pitit. Li te gen yon Jen 12:16 sèvant Ejipsyen ki te rele Agar.
2Konsa, Saraï te di Abram: “Alò, gade byen, SENYÈ a te anpeche m fè pitit. Jen 30:3-10 Souple, al jwenn sèvant mwen an. Petèt mwen kapab vin gen pitit pa li menm.” Epi Abram te koute vwa a Saraï.
3Apre Abram te viv Jen 12:4dis lane nan peyi Canaan, madanm Abram nan, Saraï te pran Agar, sèvant Ejipsyen li an, e te bay li a mari li Abram kòm madanm li.
4Li te al jwenn Agar, li te vin ansent, epi lè l te wè ke li te ansent, mètrès li a te vin meprize nan zye li.
5Konsa, Saraï te di Abram: “Jr 51:35 Se ou ki gen tò nan bagay sa a. Mwen te bay sèvant mwen an pou li antre nan bra ou, e lè l te wè ke li te vin ansent, mwen te vin meprize nan zye li. Ke SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen.”
6Men Abram te di a Saraï: “Gade byen, sèvant ou anba pouvwa ou. Fè sa ke ou wè ki bon nan zye ou avèk li.”
Pou sa, Saraï te rèd avèk li, e Jen 16:9 li te pran sove ale kite prezans li.
7Alò Jen 21:17-18 zanj lan te twouve li akote yon sous dlo nan savann nan, vè sous la nan wout chemen ki ale Schur la.
8Li te di a Agar, sèvant Saraï a, Jen 3:9“Kibò ou sòti, e kibò ou prale?”
Epi li te di: “M ap sove ale kite prezans mètrès mwen an, Saraï.”
9Epi zanj SENYÈ a te di li: “Retounen bò kote mètrès ou, e soumèt ou anba otorite l.”
10Plis ke sa, Jen 22:15-18zanj SENYÈ a te di li: Jen 17:20“Mwen va miltipliye desandan ou yo anpil pou yo vin twòp pou konte.”
11Zanj SENYÈ a te di li anplis: “Byen gade, ou ansent, e ou va fè yon fis. Epi ou va rele non li Ismaël ki vle di Bondye tande, akoz Egz 2:23-24SENYÈ a te okipe afliksyon ou yo.
12Li va yon nonm tankou bourik mawon. Men li va kont tout moun, e men a tout moun va kont li. Epi li va viv yon jan Jen 25:18ki kont tout frè li yo.”
13Epi li te rele non SENYÈ a ki te pale avèk li: “Ou se yon Bondye ki wè a”, paske li te di: “Jen 32:20Èske m ap vrèman rete vivan isit lè m fin wè Li”?
14Pou sa, pwi a te rele Lachaï-roi. Gade byen, li la antre Jen 14:7Kadès ak Bared.
15Alò, Agar te fè yon fis pou Abram. Jen 12:4E Abram te rele fis li a, ke Agar te fè a, Ismaël.
16Abram te gen katre-ven-sis ane lè Agar te fè Ismaël pou li a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.