Jenèz 15 - Haitian Bible

1Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “Jen 21:17Pa pè, Abram, Mwen se yon Det 33:29pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”

2Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?”

3Epi Abram te di: “Akoz ke ou pa t ban m pitit pou swiv mwen, pitit ki Jen 14:14fèt nan kay mwen an se eritye mwen.”

4Alò, gade byen, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di l: “Se pa nonm sa k ap eritye ou, Gal 4:28men youn ki va sòti nan pwòp kò ou, se li ki va eritye ou.”

5Konsa, li te mennen li deyò, e te di: “Koulye a, gade vè syèl yo, e Jen 22:17kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo.” Epi Li te di li: “Se konsa desandan w ap ye.”

6 Wo 4:3,20-22 Li te kwè nan SENYÈ a, e SENYÈ a konsa, te konsidere sa kòm ladwati li.

7Li te di Abram: “Mwen se SENYÈ a ki te mennen ou sòti nan Jn 11:31Ur a Kaldeyen yo, pou Jen 13:15-17bay ou peyi sa a pou posede li.”

8Abram te di: “O Senyè BONDYE, Jij 6:36-40kijan mwen kapab konnen ke m ap genyen l vrè?”

9Alò li te di li: “Pote ban mwen yon gazèl twazan, yon femèl kabrit twzan, yon mal mouton nan twzan, yon toutrèl, avèk yon jenn pijon.”

10Li te pote bay li tout sa yo, e li te koupe yo an de moso. Li te poze mwatye yo chak fasafas ak lòt, men li Lev 1:17 pa t koupe zwazo yo.

11Zwazo ki manje vyann yo te desann sou kò bèt yo, e Abram te chase yo ale.

12Alò, lè solèy la t ap desann, Jen 2:21yon gran rèv te tonbe sou Abram. Epi gade byen, yon gwo tenèb ak gran perèz te vin tonbe sou li.

13Bondye te di Abram: “Konnen byen si ke Trav 7:6 desandan ou yo va etranje nan yon peyi ki pa pou yo, kote yo va vin esklav, e Egz 1:11 va oprime pandan kat-san ane.

14Men mwen va osi jije nasyon Egz 12:32-38 ke yo va sèvi a, e apre yo va sòti deyò avèk anpil byen.

15Men pou ou menm, Jen 25:8ou va ale vè zansèt ou yo anpè. Ou va antere nan yon laj byen avanse.

16Alò, nan katriyèm jenerasyon yo va retounen isit la, paske Lev 18:24-28inikite Amoreyen yo poko fini.”

17Li vin rive ke lè solèy la te fin desann, ke li te fènwa anpil, e gade byen, te parèt yon tòch k ap fè lafimen avèk yon flanbo te Jr 34:18-19 pase antre mòso sa yo.

18Nan jou sa a, SENYÈ a te fè yon akò avèk Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sa a, depi nan Nonb 34:1-15 larivyè Égypte la, jis rive nan gran rivyè a, larivyè Euphrate,

19Egz 3:17 peyi a Kenyen yo, Kenizyen yo, Kadmonyen yo,

20Itit yo, Ferezyen yo, Rephaïm yo,

21Amoreyen yo, Kanaaneyen yo, Gigachyen yo, avèk Jebisyen yo.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help