Revelasyon 21 - Haitian Bible

1Epi mwen te wè yon

6Answit, Li te di mwen: “Mwen se Alfa a ak Omega a, kòmansman an ak lafen an.

8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”

9 Rev 17:1 Answit, youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode ki te plen avèk sèt dènye fleyo yo te vini pale avè m. Li t ap di: Rev 19:7 “Vini isit la. Mwen va montre ou lamarye a, madanm Jèn Mouton an.”

10Konsa, Éz 40:2; Rev 21:2li te pote mwen ale nan lespri a nan yon gwo mòn wo, e li te montre m vil sen an, Jérusalem, ki t ap desann sòti nan syèl la kote Bondye.

11Li te gen laglwa Bondye. Li te klere tankou yon pyè presye ki koute trè chè, tankou yon Rev 4:3pyè jasp klè tankou kristal.

12Li te gen yon gwo miray wo Éz 48:31-34avèk douz pòt. Nan pòt yo, te gen douz zanj, epi non yo te ekri sou yo, ki se non a douz tribi a fis Israël yo.

13Te gen twa pòt nan lès, twa pòt nan nò, twa pòt nan sid, e twa pòt nan lwès.

14Epi miray vil la te gen Eb 11:10douz wòch nan fondasyon an, e sou yo, se te douz non a Trav 1:26douz apot Jèn Mouton an.

15Sila ki te pale avè m nan te gen yon baton mezi ki te fèt an lò pou mezire vil la, Rev 21:12,21,25pòtay li yo, ak miray li a.

16Vil la te fèt kòn yon kare. Longè li te menm fòs ak lajè li. Li te mezire vil la avèk baton an: de-mil-de-san kilomèt. Longè li, lajè li ak wotè li te egal.

17Epi li te mezire miray li a, swasann-douz mèt, selon mezi a Det 3:11 yon moun, sa vle di, yon zanj.

18Materyèl miray la te Rev 21:11jasp. Vil la se te Rev 21:21lò pi, tankou vit klè.

19Fondasyon pou miray vil la te dekore avèk tout kalite pyè presye. Wòch premye fondasyon an se te jasp, dezyèm nan, Safi, twazyèm nan, agat, katriyèm nan, emwod,

20senkyèm nan, oniks, sizyèm nan, Rev 4:3sadwàn, setyèm nan, krizolit, uityèm nan, beril, nevyèm nan, topaz, dizyèm nan, krizopraz, onzyèm nan, tikwaz, douzyèm nan, ametis.

21Epi douz Rev 21:12,15,25pòtay yo se te douz pèl. Chak pòtay te yon sèl pèl. Epi ri vil la te an lò pi, tankou vit klè.

22Mwen pa t wè tanp ladann, paske Rev 1:8Senyè Bondye Toupwisan an ak Rev 5:6Jèn Mouton an se te tanp li.

23Vil la És 60:19,20pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an.

24És 60:3,5Nasyon yo va mache pa limyè li. E wa latè yo va pote laglwa nasyon yo ladann.

25Nan lajounen (paske p ap gen lannwit la), pòtay li yo És 60:11p ap janm fèmen.

26Konsa, yo va Sòm 72:10pote laglwa ak lonè a nasyon yo ladann pou yo ka antre.

27P ap gen És 52:1anyen ki pa pwòp. Moun ki pratike abominasyon ak manti p ap janm antre ladann, men sèlman sila ke non yoRev 3:5ekri nan liv lavi a Jèn Mouton an.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help