Revelasyon 15 - Haitian Bible

1Konsa, mwen te wè yon lòt sign nan syèl la, gran e mèvèye: sèt zanj ki te gen Lev 26:21sèt fleyo, ki se dènye yo, paske nan yo, kòlè Bondye a fini.

2Mwen te wè yon bagay tankou Rev 4:6lanmè fèt ak vit mele avèk dife, e moun sila yo Rev 12:11ki te gen viktwa sou bèt la, imaj li a ak chif a non li an, te kanpe sou lanmè fèt ak vit la. Yo t ap kenbe ap Bondye yo.

3Konsa, yo te chante Egz 15:1chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di:

Det 32:3 “Gran e mèvèye, se zèv Ou yo,

O Senyè, Bondye Toupwisan an!

Jis e vrè, se chemen Ou yo,

Wa a nasyon yo.

4Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè,

epi bay glwa a non Ou?

Paske se Ou sèl ki sen.

Sòm 86:9 Paske tout nasyon yo va vini

pou adore devan Ou.

Paske zèv ladwati Ou yo,

Ou gen tan revele.”

5Apre bagay sa yo, mwen te gade, e Rev 11:19tanp tabènak temwayaj ki nan syèl la te vin louvri.

6Konsa, Rev 15:1sèt zanj ki te gen sèt fleyo yo te vin sòti nan tanp lan, abiye an lèn san tach e briyan, e yo te antoure lestomak yo avèk senti an lò.

7Answit, youn nan Rev 4:6kat kreyati vivan yo te bay a sèt zanj yo sèt gode an lò, plen ak kòlè Bondye, ki viv pou tout tan e pou tout tan.

8Epi tanp lan te vin ranpli avèk Egz 19:18lafimen laglwa Bondye ak pwisans li. Okenn moun pa t kapab antre nan tanp lan jiskaske sèt fleyo a sèt zanj yo te fini.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help