Revelasyon 12 - Haitian Bible

1Yon Mat 24:30gwo sign te vin parèt nan syèl la: yon fanm abiye avèk solèy la, ak lalin nan anba pye li, e sou tèt li, yon kouwòn douz etwal.

2Li te gwo ansent e te És 26:17kriye fò ak tranche ak doulè pou l akouche.

3Answit, yon lòt sign te parèt nan syèl la. Gade byen, yon gwo És 27:1dragon wouj avèk sèt tèt ak dis kòn, e sou tèt li yo te gen sèt kouwòn.

4Konsa, ke li te Rev 8:7,12baleye nèt yon tyè nan zetwal nan syèl yo e te Dan 8:10jete yo sou latè.

Dragon an te kanpe devan fanm ki te prèt pou akouche a, pou lè li fè pitit la, li ta kab devore pitit li a.

5És 66:7Konsa, li te fè yon fis, yon pitit mal, ki gen pou gouvène tout nasyon yo avèk yon baton fè. Pitit li a te rale monte kote Bondye, e anvè twòn Li an.

6Answit fanm nan te sove ale nan dezè a kote li te Rev 11:3gen yon plas prepare pa Bondye, pouke la, li ta kapab nouri pandan mil-de-san-swasann jou.

7Epi te gen lagè nan syèl la. Dan 10:13,21Michel avèk zanj li yo t ap fè lagè avèk dragon an. Dragon an avèk Mat 25:41zanj pa li yo t ap fè lagè.

8Men yo pa t reyisi genyen. Konsa, yo pa t jwenn plas ankò nan syèl la.

9Gran dragon an te jete anba; Jen 3:1sèpan ansyen an ki rele dyab la ak Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li.

10Answit mwen te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di: “Koulye a delivrans lan, pwisans lan, wayòm Bondye nou an, ak otorite Kris Li a te vini an. Paske Job 1:11akizatè a frè nou yo jete anba; Sila ki te konn akize yo devan Bondye nou an lajounen kon lannwit lan.

11Yo te venk li akoz Rev 7:14san Jèn Mouton an e akoz pawòl temwayaj yo. Konsa, yo pa t renmen lavi yo, menm fas a lanmò.

12“Pou rezon sa a, Sòm 96:11rejwi nou o syèl, ak nou menm ki demere ladann yo. Malè a tè a ak lanmè a paske dyab la gen tan desann sou nou avèk gwo kòlè, akoz li konnen tan li an vrèman kout.”

13Alò, lè Rev 12:3dragon an te wè ke li te jete anba sou latè, li te pèsekite fanm ki te bay nesans a pitit mal la.

14Men Egz 19:4de zèl a gwo èg la te bay a fanm nan pou li ta kapab vole rive nan dezè a nan pwòp plas li, kote li te nouri pandan yon ti tan, tan ak mwatye tan, lib de prezans sèpan an.

15Konsa, Jen 3:1sèpan an te vide yon dlo sòti nan bouch li tankou yon rivyè dèyè fanm nan, pou li ta kapab baleye l avèk lavalas dlo.

16Men tè a te ede fanm nan. Tè a te louvri bouch li e te bwè tout larivyè dlo ke dragon an te vide soti nan bouch li a.

17Donk, dragon a te vin anraje avèk fanm nan. Konsa, li te ale pou Rev 11:7fè lagè avèk rès pitit li yo ki kenbe kòmandman Bondye yo, e ki kenbe temwayaj a Jésus a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help