Revelasyon 10 - Haitian Bible

1Mwen te wè yon lòt zanj byen fò ki t ap desann sòti nan syèl la, abiye avèk yon nwaj. Yon Rev 4:3lakansyèl la te sou tèt li. Rev 17:2Figi li te tankou solèy la, e pye li yo tankou kolòn dife.

2Li te gen nan men l, yon Rev 5:1ti liv ki te louvri. Li te plase pye dwat li sou lanmè a e pye goch li sou tè a.

3Konsa, li te kriye avèk yon gwo vwa, És 3:14tankou lè yon lyon gwonde. Epi lè l fin kriye fò, sèt kout tonnè yo te reponn ak vwa yo.

4Lè sèt kout tonnè yo te fin sonnen, Rev 1:11-19mwen te prè pou ekri. Men mwen te tande yon vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sele bagay ke sèt kout tonnè yo te pale a. Pa ekri yo.”

5Answit, zanj ke m te wè kanpe sou lanmè ak sou tè a, Det 32:40te leve men dwat li vè syèl la,

6e li te sèmante pa Sila ki vivan pou tout tan e pou tout tan an. Egz 20:11Sila ki te kreye syèl la ak bagay ladann yo, tè a ak bagay ladann yo, e lanmè a ak bagay ladann yo, ke p ap gen reta ankò,

7men nan jou vwa Rev 11:15setyèm zanj lan, lè li prè pou sone, alò, Am 3:7mistè a Bondye fini, jan Li te anonse a sèvitè Li yo, menm pwofèt yo.

8 Rev 10:4 Answit, vwa ke m te tande nan syèl la, mwen te tande li te pale avè m ankò, e t ap di: “Ale pran liv ki ouvri a nan men a zanj ki Rev 10:2kanpe sou lanmè a ak sou tè a”.

9Donk, mwen te ale kote zanj lan, pou di l ban mwen ti liv la. Li te di mwen: Jr 15:16“Pran l, e manje l. L ap fè vant ou anmè, men nan bouch ou, l ap dous tankou siwo myèl.”

10Mwen te pran ti liv la nan men zanj lan, e mwen te manje l. Konsa, nan bouch mwen, li te dous tankou siwo myèl. Lè m te fin manje l, vant mwen te vin anmè.

11Konsa, yo te di mwen: “Ou oblije pwofetize ankò konsènan Rev 5:9anpil pèp, nasyon, lang, ak Rev 17:10,12wa.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help