II Jean 1 - Haitian Bible

1Ansyen an k ap ekri madanm chwazi a, ansanm ak pitit li yo, ke mwen renmen anverite; pa mwen sèlman, men tout sila ki Jn 8:32konnen laverite yo,

2pou koz laverite a, ki rete nan nou, e ki va Jn 14:16avèk nou jis pou tout tan:

3Wo 1:17Lagras, mizerikòd, ak lapè va avèk nou, ki sòti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri, Fis a Papa a, nan verite, ak nan lamou.

4 Jn 3:3 Mwen te tèlman kontan pou twouve kèk nan timoun ou yo ki t ap mache nan laverite a, jis jan ke Papa a te kòmande nou fè a.

5Konsa, koulye a mwen mande ou, madanm, I Jn 2:7pa tankou mwen t ap ekri yon kòmandman tounèf, men menm sila ke nou te gen depi nan kòmansman an, pou nou renmen youn lòt.

6Men I Jn 5:3sa se lanmou, pou nou mache selon kòmandman Li yo. Sa se kòmandman an, jis jan ke ou te tande li I Jn 2:7depi nan kòmansman an, pou ou ta mache nan li.

7Paske I Jn 2:26anpil sediktè I Jn 2:19gen tan antre nan mond lan, sa yo ki pa rekonèt ke Jésus Kri te vini nan lachè a. Sila a se sediktè a, ak antikris la.

8Veye nou menm I Kor 3:8pou nou pa pèdi sa ke nou gen tan fin reyalize a, men pou nou resevwa tout rekonpans lan.

9Nenpòt moun ki fin ale byen lwen e ki Jn 7:16pa kontinye nan doktrin Kris la, pa gen Bondye. Sila ki rete nan doktrin nan, li gen ni Papa a, ni Fis la.

10Si nenpòt moun vini a nou, ki pa pote doktrin sila a, I Wa 13:16pa resevwa li nan kay nou, e pa menm salye li,

11paske sila ki salye li a Ef 5:11patisipe nan zak malveyan li yo.

12 III Jn 13,14 Malgre ke mwen gen anpil bagay pou m ta ekri nou, mwen pa vle fè sa avèk papye ak lank; men mwen espere ke m va vini a nou menm pou nou pale fasafas, jis pou jwa nou kapab vin akonpli.

13Pitit a II Jn 1sè chwazi yo salye nou. Amen

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help