1Gade Jn 3:16ki grand amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele Jn 1:12ti moun yo a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
2Alò, chè zanmi yo, nou se ti moun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke Wo 8:29lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va Jn 17:24wè Li menm jan ke Li ye.
3Epi tout moun ki gen Wo 15:12espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.
4Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. Wo 4:15Peche a se transgresyon lalwa.
5Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab Jn 1:29retire peche yo, epi II Kor 5:21nan Li pa gen peche.
6Okenn moun ki rete nan Li I Jn 3:9pa peche, men okenn ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.
7Ti moun yo, pa kite pèsòn I Jn 2:26twonpe nou. I Jn 2:29Sila ki pratike ladwati a se jis, menm jan ke Li jis.
8Men sila ki pratike peche se Jn 8:44a dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman a. Fis a Bondye te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.
9Nanpwen pèsòn ki Jn 1:13ne de Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye.
10Selon sa Jn 1:12pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo se byen klè. Nenpòt ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen I Jn 2:9frè li.
11Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman a Jn 15:12ke nou dwe renmen yon lòt.
12Pa kon Jen 4:8Caïn, ki te apatyen a I Jn 2:13mechan a, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa yo a frè l te jis.
13Pa etonnen, frè yo, si Jn 15:18lemonn rayi nou.
14Nou konnen ke nou Jn 5:24kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.
15Nenpòt ki Mat 5:21rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl a anndan li.
16Men konsa nou rekonèt lamou; ke Jn 10:11Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo.
17Men Jc 2:15nenpòt ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi Det 15:7sere kè l kontre li, ki jan lamou Bondye kapab rete nan li?
18Ti moun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan II Jn 1verite.
19Nou va rekonèt konsa ke nou I Jn 2:21nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li:
20si kè nou kondannen nou, Bondye se bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.
21Byeneme yo, si kè nou pa kondannen nou, nou gen I Jn 2:28konfyans devan Bondye.
22Pou sa a, nenpòt ke nou mande, nou va resevwa de Li, paske nou I Jn 2:3kenbe kòmandman Li yo, epi fè Jn 8:29bagay yo ki fè plezi devan zye Li yo.
23Men sa se kòmandman Li, ke nou Jn 6:29kwè nan Jn 1:12non a Fis Li a, Jésus Kri, epi renmen yon lòt, kon Li te kòmande nou.
24Sila a ki I Jn 2:3kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke I Jn 2:5Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.