I Pierre 1 - Haitian Bible

1Pierre, yon apot Jésus Kri, a sila ki rete a I Pi 2:11letranje yo, ki gaye nan Pont, Galatie, Cappadoce, Asie ak Bithynie, sila Mat 24:22ki chwazi davans yo,

2selon konesans Wo 8:29davans a Bondye, Papa a, pa travay Lespri Sen an, II Tes 2:13pou nou ta kapab obeyi Jésus Kri e vin aspèje avèk san Li: Ke lagras ak lapè kapab pou nou nan pi gran mezi.

3Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki Tit 3:5selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa I Kor 15:20rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a

4pou jwenn yon Trav 20:32eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou

5ki Jn 10:28pwoteje pa pwisans Bondye a Ef 2:8pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an.

6Wo 5:2Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a I Pi 5:10pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv,

7pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, Wo 2:7pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a.

8Epi Jn 20:29malgre nou poko wè Li, nou Ef 3:19renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa

9ki fè Wo 6:22kon rezilta lafwa nou an, sali de nanm nou.

10 Mat 13:17 Selon sali sila a, pwofèt yo ki te pwofetize lagras ki te gen pou vini a nou menm nan, te fè rechèch ak ankèt pa yo,

11pou chèche konnen ki moun, oubyen a kilè II Pi 1:21Lespri a Kris la anndan yo a, t ap endike lè li te pwofetize soufrans a Kris ak glwa ki t ap swiv yo a.

12Li te revele a yo ke se pa pwòp tèt yo ke yo t ap sèvi, men ou menm, nan bagay sa yo ke koulye a, gen tan anonse a nou pa sila ki te preche levanjil a nou menm yo pa Trav 2:2Lespri Sen ki te sòti nan syèl la—bagay ke menm zanj yo lanvi konprann.

13Konsa Ef 6:14prepare panse nou pou nou kab aji; I Tes 5:6,8 rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a—

14Kòm timoun obeyisan Wo 12:2pa vin konfòme nou a dezi lachè ke nou te genyen oparavan lè nou te nan inyorans lan,

15men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an II Kwo 7:1se pou nou vin sen, osi Jc 3:13nan tout konpòtman nou.

16Paske sa ekri: Wo 12:2“Nou dwe sen, paske Mwen Sen.”

17Si nou Sòm 89:26adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.

18Epi konsa, konnen ke nou pa t És 52:3rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan Ef 4:17mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo,

19men avèk Trav 20:28san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm.

20Paske Li te Trav 2:23deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm

21ki pa Li menm Wo 4:24kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.

22Akoz ke obeyisans a verite a te vin Jc 4:8pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè,

23paske nou te Jn 3:3ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.

24Paske:

És 40:6 “Tout chè tankou zèb,

e tout laglwa li tankou flè zèb la.

Zèb la fennen, e flè a vin tonbe,

25men pawòl Senyè a dire pou tout tan.”

E sa se pawòl ki te preche a nou menm nan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help